29 °C Port-au-Prince, HT
1 mai 2024

Lanmò yon moun se Lanmò tout moun se sa prensip la di.

Lanmò yon moun se Lanmò tout moun se sa prensip la di.

… Yè swa, Ayiti domi ak yon move rèv. li pèdi youn nan pi bon pitit gasonl ki tap flote drapo kilti nou. Alon w delera!

Nan yon moman Kote batay pou pouvwa denatire peyi a, pou youn nan anbasadè kilti tè dayiti sa a, Michael Benjamen ale kite nou. Se yon kout ponya lè nap gade Jan potorik gason sa tonbe aprè li fin leve kilti a ak drapol sou dol byen wo.

Michael tap swiv menm chimen ak papal Lionel : chante pou rann lavi pi bèl, pi fasil «  Ayiti cheri pou janm Mwen renmen w » se sal te chante pandan li tap vann youn nan pi bèl imaj peyi nou.

Nan non LIHFER, Nou vle voye senpati nou bay tout Fanmi Michael espesyalman manmanl, papal, madanm li ak pitit li.

E tankou atis ti Joe Dil: « pa gen pi bon mò pou yon atis ke mouri sou sèn apèn li fin chante ak drapo peyil sou dol.

Bon travèse Mika, nou Pap bliye w, wap rantre menm jan ak papa w Lionel nan literati ak panteyon kiltirèl peyi dayiti.

Ou pa gentan wè lot Ayiti ou te toujou reve a.

Ou pran devan, ke lespriw, souvni w, chante w yo kontinye fè wout ak nou pou batay la rive bay laviktwa.

Bon travèse Lejand !

Par: Pedrica Saint Jean
LiHFeR