António Guterres.
Sekretè Jeneral Nazyonzini – The United Nations – Naciones Unidas – Nations Unies.
New -York, NY 10017 – USA.
Nan Biwo.-
OBJÈ : Pwopozisyon Lapè Mondyal.
Mesye Sekretè Jeneral,
Nan Respè Reprezantan Espesyal Ou nan Peyi Ayiti. Nou gen gran lonè pou nou ekri W, jodi a kòm Notè Lapè Mondyal Lejitim, swit avèk diskou entwodiksyon W, antanke Sekretè Jeneral pi gwo Òganizasyon Politik ak Diplomatik Entènasyonal Mond lan, kote Ou te fè apèl ak tout pèp mond lan pou angaje yo, epi fè Lapè yon priyorite absoli.
Avèk sa a, Fanmi se premye enstitisyon limanite ki gen kapasite oryante mond lan, nan wout vrè lapè, nou tout ap chache a. Se nan menm lòd lide sa a, Ministè Fanmi Colin – MFC*, pwofite Okazyon Jounen Entènasyonal Lapè a pou ofri W, yon Tablo Lapè Senbolik pou yon Pledoye Inivèsèl, pa mwayen Pwopozisyon Lapè Mondyal nou, ki pral tradwi nan tout lang sou latè beni, ki swiv an kreyòl :
Yon Mond :
Jistis olye dominasyon,
Imen olye ras,
Lasajès olye awogans.
Resevwa, Mesye Sekretè Jeneral, Lapè YHWH pou limanite.
Steeve M. Colin
Anbasadè Ministè Fanmi Colin – MFC.
KOPI KONFÒM :
Helen Ruth Meagher La Lime.
Reprezantant Espesyal Sekretè Jeneral pou Ayiti & Chèf Bureau Intégré des Nations Unies en Haïti -BINUH.
Version française: