23 °C Port-au-Prince, HT
28 avril 2024

Haïti: RANAMSA mande mouche leta kanpe vag ensekirite sa ki lakoz machandiz yo gate

Nan yon nòt ki rive jwen redaksyon KAPZY NEWS, RASANBLEMAN NASYONAL MADAN SARA (RANAMSA) di li solidarize avèk madan Sara nan Grand’anse nan Sud nan Sud’est ak Nippes e pwofite di li santi koman insekirite a finn debaba yo.

Haïti: RANAMSA mande mouche leta kanpe vag ensekirite sa ki lakoz machandiz yo gate



NOT RANAMSA

RASANBLEMAN NASYONAL MADAN SARA – RANAMSA ap salye nou alawonbadé konsa tout map voye mot pam bay madan Sara nan Grand’anse nan Sud nan Sud’est ak Nippes. RANAMSA tande kri nou li santi koman insekirite a finn debaba nou. Anpil nan nou gen machandiz sou dlo sou tet kamyon nan galata. Bagay la red li gen movez odè. Anpil nan nou se kob ponya kob bank. E se kob saa ki bay kay la manje, se ki achte rad peye lekol ak inivèsite. Kiyes ki lakoz

RANAMSA ap mande ak mouche leta kisa lap fe ak madanSara sa yo ke akoz lod ki pa gen nan peyi a tout machandiz yo gate e nou konnen se machandiz perisab yo genyen?

RANAMSA ap mande ak monche leta kilè lap chwazi mete fin ak vag insekirite depi kek anne pitit nou ap mouri yap fizye chak jou.

RANAMSA ap raple ak mouche leta polisye yo se pitit madan Sara nou paka ap jwe ak bandi epi pitit yo finn fe effort pou fe edikasyon yo ap mouri ak bal bandi nan boule yo femen komisarya sou yo.

RANAMSA ap mande leta a fok li bay sibvansyom ak tout machann ki viktim nan zak insekirite san parey saa.

RANAMSA ap mande ak madanSara yo pou yi rete mibilze fok revendikasyon nou yo pase. Fok la vi retounen nan mitan population an.

RANAMSA voye yon pense spesyal bay ti machann yo poul di yo pa dekourage lew wel fe nwa se soley la ki pral leve.

Pour Authentification:

Mme. Ernestine Alexandre.

Coordonnatrice RANAMSA