24 °C Port-au-Prince, HT
28 avril 2024

Bandi sourit mete Arnel a genou lapolis al tonbe sou li pa chans! Quelle honte, imcompétence!

NB: Atik sa ki pibliye nan ribrik  » Réflexion  » sou sit Kapzy News la, pa angajr ajans la.

Bandi sourit mete Arnel a genou lapolis al tonbe sou li pa chans! Quelle honte, imcompétence!

Par: Belinor JEAN BAPTISTE

Yon ti nèg geto, san tròp mwayen disponib malgre soupson kòkòday li ak anpil gwo potanta li mete te mete tout unite lapolis la en deroute, kote DCPA Carl henry Boucher kouri. Nan jan pnh jwen preske kadav Arnel ,M Pa kwè sa ta dwe fè gwo chèf nan lapolis yo fyè.

Pou Arnel pase tout tan li, ap simen latroublay, dèy, detounen plizyè kamyon machandiz pou nou kite se yon gang parèy li, sourit ki blese’l epi ankò se menm sourit sa ki pral arete medsen ki pral ba li swen ki pral fè l oblije travèse plizyè depatman pou ale chache swen bòn fen.

Sa ki ta ka entèrese tout moun kote DCPA ki kouwone tout direksyon depatmantal yo? E ki dwe kontrole Polis routyè? sa vle di Carl Henry Boucher se lajan taks moun ou vin manje sèlman?

Pou w bandi ki aktivman recheche pase soti latibonit pase tout komisarya Ti Riviere, St Marc, Croix des bouquets etc.., nan lwès alatriye epi lajan moun ap peye sèvis ransèyman, sevis ankèt/ Dcpj, ki sa gagotè ki nan tèt DCPJ , Canéus la ap regle? Dg gédèon te retire dcpj Rameau paskel te arete frèl ki te nan movè zafè

Wi pran Arnel fè anpil byen ak tout moun men, manda w la pap ka jwe la Gédéon , ni pouw fè ti pass kout a Carl H Boucher. Anpil moun panse pou Etat Major PnH sa dwe al jwe domino . Pou ka Arnel la pito bay Sourit manda paske se li ki ba nou repo. Lapolis fèt pou li kanpe tout propagann!

Nou lèd mesye se menn nou menn lan , ki te voye polis al chita ak Arnel!

Sitwayen angaje