25 °C Port-au-Prince, HT
26 avril 2024

Haïti-Crise: La fondation Vackson Bélony fait un constat et donne des conseils à Jovenel Moïse

Dans une note acheminée à la rédaction de l’agence de presse en ligne KAPZY NEWS ce lundi 24 février 2020, le Président Directeur Général de la fondation Vackson Bélony, connu sous le nom de  » Le leader de la jeunesse haïtienne », conseille le président de la République, M. Jovenel Moïse de prendre acte de la situation du pays, suite après les constats de sa fondation.

Haïti-Crise: La fondation Vackson Bélony fait un constat et donne des conseils à Jovenel Moïse

Par : Berrick ESTIDORE

Konsèy ak Konsta

Nan tout demokrasi lè yon peyi nan kriz li toujou bon pou dirijan yo gen bon jan lidèchip ak kapasite pou yo negosye ak sektè ki konsène pandan yap aplike lalwa jan sa mande.

Nan ka pa nou an Ayiti gen ijans pou prensip sa yo aplike.

E selon konstitisyon 29 mas 1987 nan atik 136 li, li bay reskonsabilite ak yon pèsonaj ki dwe garanti tout sa yo kenn te site deja.

Li pa lòt ke Prezidan JOVENEL MOISE ki devan yon sitiyasyon konplike kote   peyi a rive nan moman li bezwen sans Lidèchip
ou.

Paske youn nan Wòl
PREZIDAN an genyen se VEYE sou bon jan fonksyonnman enstitisyon yo.

1-Eske sa kap pase nan peyi a pa diw anyen an?

2-Eske konseye w yo pa konseyew oubyen se ou ki pa pran konsèy?

3-Prezidan sa kap kwit la, eske w pran sant li,menm jan tout ayisyen kap swiv aktyalite yo?

4-Eskew mezire dimansyon kriz la kap blayi sou peyi a?

Kesyon sa yo entrigem kom sitwayen em swete jwenn repons menm jan ak tout lòt sitwayen tankoum. Mwen vle diw prezidan pa gen jou ankò,se pa moman diskou ak bèl pawòl, se pa moman poun kreye klivaj ak divizyon se pito moman pouw moutre dimansyon ak entelijans  politik pou soti peyi a nan kriz li ye la.

Prezidan sitwayennman map mandew pran responsabilitew pwen ba.

Vackson Bélony