29 °C Port-au-Prince, HT
1 mai 2024

Kanaval 2019 : Minis kilti a te nan vil Gonayiv

Nan kad preparasyon kap fèt Pou òganizasyon kanaval nasyonal la Nan 4e vil peyi a, minis Kilti ak
kominikasyon an jean Michel lapin te nan vil Gonayiv jounen jedi 17 Janvye a,Kotel te chita pale ak otorite lokal yo pami yo premye sitwayen vil la mesye Neil Latortue, pou kapab kòmanse gade sak gen pou fèt pou kanaval nasyonal la ki konte òganize nan vil gonayiv 3/4/ 5 mas kap vini la.

Kanaval 2019 : Minis kilti a te nan vil Gonayiv

Otè: Rolguy Docteur

Pandan l tap entèveni Nan yon stasyon radio Nan vil lan ki se radio pyramide Fm Minis Kilti ak kominikasyon an estime se volonte pouvwa a pa rapò ak angagman li te pran Pou reyalize gwo fèt kiltirèl sa a Nan vil gonayiv,pandan yap travay Pou reyalize kanaval sa a avèk yon patisipasyon rejyonal.

Sitwayen yo Nan site endepandans lan tou pwofite mande ak gouvènnman an Pou pran dispozisyon Pou fini ak kèk travay ki te kanpe Nan vil la tankou rekonstriksyon kèk tronson wout,mete kouran Nan kèk katye epi amenage rantre sant touristik yo nan vil la.

Nap raple w ke se sou tèm « Ann Chita pale Pou Ayiti »ke kanaval nasyonal la ap Gen Pou reyalize Nan site endependans lan.