31 °C Port-au-Prince, HT
28 avril 2024

Haïti: La PNH prend des mesures pour retrouver les prisonniers en fuite, informe le Gouvernement

Dans un communiqué rendu public dans l’après-midi du dimanche 3 mars 2024, le Gouvernement d’Ariel Henry demande à la population de rester vigilante pendant que la Police Nationale d’Haïti (PNH) est en train de prendre les mesures nécessaires pour retrouver les évadés du Pénitencier National et ceux de la prison civile de la Croix-des-Bouquets.

Haïti: La PNH prend des mesures pour retrouver les prisonniers en fuite, informe le Gouvernement

Lisez l’intégralité du communiqué en créole

Kominike pou Laprès

Gouvènman Repiblik la salye kouraj ak detèminasyon polisye ki te kanpe pou eseye kontre atak gang kriminèl sou Penitansye nasyonal ak prizon Kwadèboukè a nan nwit ki te soti 2 rive 3 mas 2024.

Pandan dechenman vyolans sa yo, ki te fèt plizyè kote, kriminèl ak gwo zam t ap chèche lage moun ki te nan prizon pou zak asasinay, kidnapin, ak lòt krim grav. Ak konplisite kèk moun, kriminèl yo pa t ezite touye sivil, piye epi boule byen leta ak byen prive. Malerèzman, polisye yo pa t rive anpeche bandi yo lage anpil prizonye.

Atak sanginè sa a fè anpil blese pami prizonye yo ansanm ak anplwaye prizon yo.

Gouvènman Repiblik la ap remèsye popilasyon an ki rete tèt frèt malgre moman an trè difisil, li pwofite pou li mande popilasyon an pou li rete veyatif epi pran anpil prekosyon pandan Polis nasyonal la ap pran tout mezi pou li jwenn prizonye ki sove yo epi arete responsab zak kriminèl sa yo ansanm ak tout konplis yo, pou lòd piblik kapab retabli.