24 °C Port-au-Prince, HT
9 avril 2024

Un regroupement de jeunes rappelle à Jovenel Moïse que son mandat prendra fin le 7 février 2021

La Plateforme des organisations de la jeunesse réveillée (POJR), a rendu public une note de presse à travers laquelle les responsables de cette structure rappelle au président de la République Jovenel Moïse que son quinquennat prendra fin le 7 février 2021. Ce regroupement dit opter pour une transition dirigée par un juge issu de la Cour de Cassation.

Un regroupement de jeunes rappelle à Jovenel Moïse que son mandat prendra fin le 7 février 2021

PLATFÒM ÒGANIZASYON JENÈS REVEYE (POJR)

MESAJ POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE PANDAN NOU AP SALYE MEMWA VICTIM 12JANVYE 2010 YO

Nan okasyon jounen 12 Janvye 2021 sa a,ki make 11 lane depi yon tranbleman te fèt nan tè a, kote pèp ayisyen an te pedi plis pase 200.000 moun anba denkonm, nan non jenès la ak tout estrikti kap batay pou yon ayiti miyò yo, nou retire Chapo nou byen pa,pou nou salye memwa victim yo, sou voye di fanmi yo bon kouraj,pwan kouraj, pandan nap kontinye mande leta pou yo pwan responsabilite yo.

Prezidan Jovenel MOISE, Platfòm Òganizasyon Jenès Reveye (POJR) salyew e lap raplew manda konstitisyonèl ou ap fini 7 fevriye 2021.Nou pwofite pou nou diw pèp ayisyen an pap pran dikte nan bouch OEA ni Nasyon zini, ni swadizan anbasadè ki gwoupe yo an sendika yo rele kò gwoup, pou yo defann enterè pèsonèl yo o detriman pèp ayisyen an,bann moun san etik, san jèn k’ap pwofane konvansyon Vyèn nan san okenn respè pou gouvènman yo, nou paka ni swiv yo, ni pwan leson moral ak politik nan men yo.gade sak sot pase kay zòt!

Mouche prezidan, nou vle enfòme ou, se pa OEA ki konstitisyon peyi Ayiti epi se pat sou non OEA ou te prete sèman,se te konstitisyon 1987 amande a ou te itilize pouw te konstate kadisite palman an, men m konstitisyon 87 Amande sa aplike pou ou, Rande vou 7 fevrye 2021.

Mouche prezidan, pa okipe rat do kale politik kap few kwè yo ka edew pouw rete sou pouvwa a aprè 7 fevriye 2021, se bèl mèvèy yo renmen wè, se lèd yo bezwenw antre nan istwa,konstitisyon an pa preskri pou nou prolonje manda okenn prezidan, sitou pou ou ki pa gen okenn lejitimite depi 3 zan, siw pa deside remèt pouvwa a 7 fevriye 2021, ou riske lage peyi a nan yon sitiyasyon ki pi katastwofik pase tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Nou rete kwè ou pata renmen sa rive paske antan ke premye sitwayen nasyon an, ou gen obligasyon pouw pwoteje chak grenn ayisyen ak tout sa yo posede.

Siw evite dezòd jeneralize nan peyi a 7 fevriye kap vini la a, listwa va rakonte malgre tout mal peyi a konnen sou administrasyonw lan, nan dènye mwa prezidans ou, ou te gwo jefò pou peyi a pat li yon paj nwa nan liv lap li depi 217 ane a.Remèt pouvwa a 7 fevriye 2021 se pwoteje pèp ayisyen an, se respekte konstitisyon an,se sitou pwoteje tèt ou ak gwo palto ki nan rejim ou an .

Mouche prezidan, jenès la mande pouw respekte konstitisyon an, respekte vòt pèp ayisyen an, respekte fanmiw e sitou respekte tèt ou pouw konnen ou pa gen yon jou anplis ou ka fè aprè 7 fevriye 2021.

Poun fini, si se revanch ou pè ou mèt ale an pè. Se pa politisyen traditionèl yo, ki pral dirije peyi a pandan tranzisyon an, se nan kou Kasasyon nou pral pran yon jij pou dirije peyi a, se yon konsèy gouvènmantal kap chwazi Premye minis la. Nou deside plis ke jamè 7 fevriye 2021 pou gouvènman tranzisyon an enstale. Nou pap fè bak, nou pap fè lach, nou se gason ak fanm vanyan, nou pap ni konplis ni dòmi, nou konsyan, nou se yon jenès reveye.

N.B: nou pap pwan dikte nan men politisyen traditionèl, nou se Jenès Reveye( POJR)

Pou otantifikasyon

William Evens JOSMA
Nella SOUFRANT
Frantzer JEAN