24 °C Port-au-Prince, HT
9 avril 2024

Message de la LIFAR à l’occasion de la Journée internationale des femmes

Lig Fanm Ayisyèn pou Rekonstriksyon (LIFAR)

Message de la LIFAR à l'occasion de la Journée internationale des femmes

Nòt pou la près nan okazyon 8 mas ki se jounen entènasyonal dwa fanm.

8 mas 1909 – 8 mas 2021 : 112 lane depi dat sa a te chwazi pou fanm toupatou ka reflechi sou kondisyon yo e ki sa ki pou fèt pou kondisyon yo chanje.

Nasyon zini adopte adopte dat sa a nan lane 1977 epi deklarasyon Bedjing nan pra’l bay lit la jarèt lè li propoze yon sosyete kote fanm ak ti fi ka viv ak tout libète pou yo konprann e konnen dwa yo sitou dwa pou yo viv nan yon sosyete san vyolans, dwa pou yo jwenn bon jan ledikasyon, dwa pou yo patisipe nan tout desizyon kap pran, dwa pou yo touche menm kòb ak gason lè yo fè menm travay.

Ayiti, manm nasyon zini, fé pati 189 peyi ki te siyen akò sa a.

Lig Ayisyèn pou Rekonstriksyon LIFAR deside ane sa a pa oganize ankenn aktivite pou 8 mas sa a, paske refleksion ane sa a dwe baze sou mizè fanm ak ti fi nan peyi Dayiti kap sibi vyolans chak jou,ti fi ki  pa ka ale lekòl, kap mouri mò toufe , jete sou pil fatra; fanm kap pran bal nan vant, madan sara kap mouri ou byen yo kidnapper ; ki fè fanm pè ou pa vle osnon pa dakò rantre nan batay ki pou libere peyi Dayiti nan katchouboumbe li ye a.      

LIFAR pwofite de jounen 8 mas sa poul envite tout oganizasyon kap goumen pou dwa fanm respekte fè kesyon man sa: nou plis pase 52 pou san, alòs ki sa nou te fè ki pat bon ki fè Ayiti twouve l nan kafou sa a e ki sa nou dwe fè pou se dènye fwa pou Ayiti desann nan nivo sa a.
Èske nou pap koupab lè nou jwe menm jwèt ak mesye yo nan politik retire kò w banm met pa m ou byen pa m pi bon ? Èske li pa lè pou fanm deside anvayi espas desizyon yo pou nou ka nan tout pòs kote desizyon ap pran,  paske nou menm fanm, Nou pa nan vyolans, ni nan koripsyon. Avèk nou , Ayiti gen chans leve têt li, soti nan labou santi move dirijan ak move politisyen makonnen ak kolon enperyalis lage’l la.

LIFAR vle pwofite de jounen 8 mas sa a, pou sonnen lanbi rasanblman an, pou’l mande fanm yo : kote nou ? Kote Katrine Flon yo ? Kote Toya yo ? Kote Défilé yo ? Nou pa ka rete chita gade. Ann met met men ansanm pou sove Ayiti.

Nou tè fè listwa, nou ka refèl.
An avan !  Fanm nan 4 kwen peyi Dayiti, reveye nou pou lave figi peyi nou, poul ka tounen Ayiti kiskeya Boyo : peyi kote tout bagay komanse,kote tout bagay gen poul fini !

Ayiti pa gen dwa peri, paske fanm yo la !
Viv tout fanm djanm ak tout fanm angaje pou Ayiti releve !

Pedrica Saint Jean
Kodonatris jeneral