29 °C Port-au-Prince, HT
1 mai 2024

Haïti: La LIFAR condamne énergiquement l’assassinat du président Jovenel Moïse

Dans une note transmise en créole à la rédaction de l’agence en ligne KAPZY NEWS, la  » Lig Fanm Ayisyèn pou Reķonstriksyon ayant pour sigle LIFAR, dit avoir appris avec consternation la triste nouvelle de l’assassinat du président haïtien Jovenel Moïse ainsi que la blessure par balles de sa femme Martine Moïse durant l’attaque.

Haïti: La LIFAR condamne énergiquement l'assassinat du président Jovenel Moïse





Nòt LIFAR,


Se avèk anpil konstènasyon ke LIFAR apran nouvèl zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan peyi a, Jovenel Moïse, kote li arive pèdi lavi e menm madanm li, Martine Moïse soti blese. Ansyen premye dam nan rive resevwa plizye bal nan men asasen yo

LIFAR kondane zak kriminel san parey sa. Pandan ke li ap prezante senpati li ak bon jan retablisman ak Martine Moïse. LIFAR ap mande pou gen bon jan ankèt ki mennen pou lajistis mete lapat sou tout moun ki konplis nan zak kriminel sa

LIFAR ap fini pou l di popilasyon an rete tèt frèt, pou’l pa pran nan oken pwovokasyon, pandan ke LIFAR ap pwone retablisman yon leta responsab k ap garanti sekirite tout sitwayen ak sitwayen n sou bout tè papa Desalin ak Klè Erez la.



Pedrica Saint Jean, Kodonatris Jeneral (+509 4757 2852)


Justa Gabriel, Pòt pawol ( +509 4613 9749)


Edeline Vertus , Relasyon piblik ( +509 3152 7755)