Note du Bureau du Secrétaire d’État à l’Intégration des personnes Handicapées en créole
Biwo Sekretè Deta pou Entegrasyon Moun Andikape yo aprann ak anpil tristès zak sasinay ki fèt nan aswè mèkredi 6 janvye 2021 an nan vil Miragwàn, nan depatman Nip kote yon fanm soud ki rele Derline Carénant pèdi lavi li anba kout kouto.
Se yon zak malveyan, malonèt ki revòlte konsyans sosyete a. Se yon vyolasyon Dwa Fondalnatal pou respè Lavi Moun. Biwo Sekretè Deta a kondane ak tout fòs zak kriminèl sa a.
Se ak anpil lapenn Biwo a prezante, bay fanmi, zanmi viktim nan, tout kominote moun Miragwàn yo ak andikape yo, an patikilye, senpati li. Pandan l ap mande otorite lajistis ak lapolis yo pou louvri bon jan ankèt pou limyè fèt sou dosye sa a epi asire yo koupab la jwenn sò ki rezève pou li selon sa Lalwa di epi pou fanmi viktim nan jwenn jistis ak reparasyon kòm sa dwa.