32 °C Port-au-Prince, HT
18 mars 2024

Société: De la division règne au sein du vodou haïtien

Les violons ne s’accordent pas au sein du secteur vodou haïtien. Dans une note de presse, la Confédération du Vodou National et International Révolutionnaire (KVNER) dit contester la présence d’un « soit- disant Ati National » ainsi que toute autre instance pour prendre en charge les rênes du vodou haïtien.

Société: De la division règne au sein du vodou haïtien

Par: François Frantz

Sur ce, les responsables de cette structure rappellent que le secteur n’est pas un espace reservé aux explotateurs, aux dictateurs et aux mercenaires. À travers cette note, la KVNER dénonce aussi les actes de violence ainsi que le massacre perpétré contre les habitants de La Saline le 13 novembre 2018.

NÒT POU LAPRÈS (Note de presse en créole)

KONFEDERASYON VODOU NASYONAL ENTÈNASYONAL REVOLISYONÈ (KVNER)

Nou koube n byen ba pou nou salye la près pale, ekri, televize ak entènèt nan vibrasyon kat fòs kosmik yo. Se ak anpil respè ak sajès nou vle raple Vodouyizan, Ougan, Manbo, dòmi reve, leve jwenn, danti, demanbre,bitasyon, sosyete sakre, kanzo, deka, sèvitè, senpatizan, e tout moun alwonnbadè ke vodou se yon sivilizasyon, li se yon prensip nan fason moun viv; li se yon fason espesyal nou develope rapò noumenm lèzòm ak lanati, kote se amoni ki se kle a. kidonk li pa pouvwa, li pa gen chef e li pa gen okenn fòm otorite ki ta sanble dinamik, triyangilè ki karakterize mond jounen jodia. Pandan nou rete soude ak atik 30, 30.1 manman lwa peyi a ki garanti fòmasyon ak fonksyonnman tout ògnizasyon kelkeswa tandans li kote leta gen devwa pou li bay tout menm konsiderasyon.

Tout sa se pou nou di nou menm nan KVNER nou pa rekonèt okenn enstitisyon nan tèt vodou a, ni okenn swadizan Αti, Wa kita gen chaj vodou a. vodou se yon espas ki rekonèt byenèt tout moun. Vodou a pap konfonn nan okenn koze sektè kap depate peyi a pi plis toujou. Lap kontinye rete zouti reyèl ki pou akonpaye peyi a, tout sosyete a nan wout poul jwenn byennèt li apati prensip kominotè yo.

Jodi mèkredi 13 pou rive ouvè jedi 14 Novanm 2019 ap fè egzakteman tou yon lanne depi kriminèl PHTK yo fin masakre moun lasalin. Kote plizyè fanmi lage nan lari, anpil moun pèdi lavi yo, anpil deloje. Malgre rapò òganizasyon nan kesyon dwa moun ak loni pou montre ke se yon masak leta peyi a òganize , anyen pa janm fèt pou trennen kriminèl sa yo ak gwo zotobre nan leta ki patisipe nan masak sa, devan la jistis.

Nou menm nan KVNER nou kondane masak sou kelkeswa gwoup moun nan, espesyalman moun lasalin ak tout katye popilè kote moun ap tonbe anba bal, nou pap lage moun lasalin yo, KVNER se Lasalin.Vodou se yon espas ki rekonèt byenèt tout moun, Vodou se zouti reyèl ki pou akonpaye peyi a, tout sosyete a nan wout poul jwenn byennèt li apati prensip kominotè yo. Pou fini, vodou pa yon espas kote esplwatè, diktatè ak mèsenè kapab pran pye.

SE DEPI NΑN BΑΖ LΑ, ΑNSΑNM ΑK BΑΖ LΑ, SE SÈL ЈΑN LΑP BON POU BΑΖ LΑ.

ΑDYΑ MILOKΑN (KVNER)

Rodolphe Pierre Junior François Emmanuel
Nèg Mawon Kongoulele Satela