Port au prince, le 28 décembre 2020
De : Rasanbleman ayisyen pou yon nouvel sosyete(RANS)
A : Prezidan Jovenel Moїse
Objet : Demand demisyon
Nan biwo l’
M.Prezidan Jovenel Moise komite rasanbleman pou yon nouvel sosyete (RANS) mete chapo l byen ba devan w pou salye w bon kouraj ou ak detèminasyon w genyen pou kraze peyi a .
M. Prezidan nou menm ki ap viv nan 3èm sikonskripsyon an nou pakab pran mati ankò ou te pwomèt nou w’ap met manje nan asyèt nou, w’ap met lajan nan pòch nou , ou te di nan 24 mwa n’ap gen kouran 24/24, seleksyon feminen an ou te pwomèt yo w’ap fè kay pou manman yo . o kontrè ou nome 50 jij kòwonpi nan tèt peyi a ou bese valè tout enjenyè nou yo ou pa janm di anyen pou masak ak kidnaping k’ap fèt chak jou nan katye popilè yo , nou pa janm tandew di anyen sou koze mèsenè yo , non w site 69 fwa nan zafè petwo karibe a ou fè madanm ou menm jan avè w li volè 90 milyon dola vèt pou zafè dèmalòg la.Prezidan nou paka konte kadav ankò nou di se twòp atò twòp san koule nan peyi a espesyalman andedan 3èm sikonskripsyon an nou pa dakò pou tout jèn gason se gang yo devni nan 3èm nan, yo te ka doktè , enjenyè, senatè, e yo te ka nenpòt pèsonaj enpòtan nan andedan peyi a .Prezidan Jovenel kijan w santi w lè w wè manman ak papa ak dlo nan je chak jou ap ranmase kadav pitit yo tribò pabò nan peyi a èske w pa panse ak pitit ou yo , jodi a nou vle w pale ak konsyans ou : < kisa w’ap kite pou pitit ou kòm eritaj , krim ,vyòl , vòl , trayizon , kidnaping > Prezidan Jovenel RANS mande w’ nan je pa w’ èske w wè gen yon bagay w’ap dirije la .
Pou fini Prezidan n’ap konseye w fè yon jès patriyotik montre ke w’ onèt yon fwa nan vi w’ ekri lèt demisyon w’ avan menm 7 fevriye 2021 e tou fè 2 polisye akonpanye w’ mennenw penitansye nasyonal
Mèsi