22 °C Port-au-Prince, HT
29 mars 2024

« Persécution politique »: la coordination régionale MTVAyiti/Nippes se dit solidaire du Dr. Réginald Boulos

Dans une note acheminée à la rédaction du journal en ligne KAPZY NEWS ce mardi, les responsables de coordination régionale MTVAyiti/Nippes, dénoncent des persécutions et intimidations politiques contre le président du parti MTVAyiti, en l’occurence Dr. Réginald Boulos, par le directeur de l’Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC), Me Hans Jacques Ludwig Joseph.

"Persécution politique": la coordination régionale MTVAyiti/Nippes se dit solidaire du Dr. Réginald Boulos




Miragwàn 5 jiyè 2021

Biwo kominikasyon MTVAyiti-Nip.

Nòt solidarite/Konferans pou laprès.

Kòdinasyon Rejyonal MTVAyiti Nip la, ap salye laprès pale, ekri ak tout lòt medya ki konekte sou rezo sosyo yo.

Kòdinasyon Nip la, salye kouraj Dr Reginald Boulos, ki chwazi ekspoze lavi l, lavi fanmi l ak latriye byen ak biznis li genyen yo, pou l kanpe goumen devan eskadwon lanmò pouvwa defakto PHTK a, ki genyen nan tèt li, Jovenel Moïse, yon bouwo apranti diktatè, ki sèmante, pou l mete sou kote, epi touye mezi sitwayen konsekan, ki chwazi batay pou chanje kondisyon sosyal, ekonomik sila ki pi vilnerab yo.

Kòdinasyon rejyonal MTVAyiti-Nip la, di li solidè ak Dr Pierre Reginald Boulos, Prezidan Mouvman Twazyèm Vwa a.

Pouvwa defakto a, p ap ka touye Dr Boulos, menm jan l asasinen Pè Joseph Simoly, Rospide Petion, Mèt Monferier Dorval, Netty, Diego Charles elatriye.

Kòdinasyon rejyonal MTVAyiti-Nip la, pwofite okazyon sila a, pou l denonse e enfòme opinyon piblik la ak entènasyonal la, nou p ap fè bak, devan pèsekisyon ak endimidasyon politik, direktè Hans Jacques Joseph, ki transfòme ULCC an Tribinal politik, lè l deside mete manda dèyè Dr Reginald Boulos, epi itilize rezo sosyo yo, kòm prensipal zouti batay li, pou sal imaj Prezidan MTV a, lè l chwazi pran pretèks, yon dosye ONA aksyonè a rezon 22% aksyon nan RBI, yon antrepriz Dr Boulos Prezidan la dan l ki angaje l, nan konstriksyon lojman sosyo pou moun ki fè pati klas mwayèn nan.

Kòdinasyon rejyonal Nip la, kondane zak gwo ponyèt sa a, ki vyole lespri ak lèt dekrè ki kreye ULCC nan lanne 2004, pou ede Leta goumen kont kòripsyon nan peyi a.

Kòdinasyon Rejyonal MTVAyiti Nip la, denonse nouvo Direktè Jeneral a.i ONA a, Mesye Jemley Marc Jean Baptiste, ki poko menm gen yon mwa nan ONA, li foure kò l tèt anba, 2 nawèl fèmen, lè l chwazi enstrimantalize ONA pou pèmèt Jovenel Moïse materyalize kanpay menas lanmò, pèsekisyon politik, li te kòmanse fè depi 6-7 jiyè 2018 nan biznis, byen ak entegrite moral e fizik Dr Boulos.

Kòdinasyon rejyonal Nip la, denonse fason Jovenel Moïse enstrimantalize, politize non sèlman ONA ak ULCC men tout Òganis otonòm yo, tout enstitisyon Leta ak administrasyon piblik la, pou pèsekite opozan politik, ki pa vle referandòm ak eleksyon pike kole li gen foli fè nan peyi a.

Kòdinasyon Rejyonal MTVAyiti Nip la, di l ap rete solidè ak Dr Pierre Reginald Boulos, nan batay l ap mennen kont rejim kowonpi sa a, rejim bandi legal sa a, k ap priyorize gang, vyòl, piyaj, kidnapin, jenosid, kanaj, masak nan katye popilè yo.

Kòdinasyon rejyonal MTVAyiti-Nip, pwofite okazyon sa a, pou li voye senpati l bay fanmi, zanmi, kòlèg ak pwòch tout moun ki tonbe nan masak 29 pou louvri 30 jen pase a, nan delma 32, espesyalman fanmi Netty ak Diego Charles bandi pouvwa a asasine pou konviksyon politik yo.

Lè li plis fè nwa, se lè sa a, solèy delivrans la pral leve, pou klere pou tout moun, ki chwazi pote flanbo mobilizasyon an, pou rive chanje sistèm mafya sa a, k ap toupizi popilasyon an.

Yon konba ret yon konba ! Nou pa pè nou pap janm pè, nou pap kouri pou ti pèsekisyon politik, anba grif foli diktatè wòwòt sa nou wè la.

– Viv Repiblik Dayiti
– Viv Demokrasi
– Aba Pèsekisyon politik
– Aba Diktati sanginè

– MTVAyiti, yon lòt Kalkil!

Pou otantifikasyon

Wilson OLIVIER
Kòdonatè rejyonal.

– Guichard JEAN-BAPTISTE Kòdonatè-Adjwen.

– Arice Dieusseul kòdonatè chaje kominikasyon, pòt pawòl rejyonal.