25 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

L’AMITPH denonse zak agresyon jounalis François Frantz sibi anba men yon ajan CIMO

Nan yon nòt pou lapès nan dat 19 me 2019 la Amikal Travayè Laprès Ayiti (AMITPH) la denonse epi kondane ak tout fòs li zak ajan CIMO ki te nan back up 1-00-190 fè sou jounalis FRANTZ FRANCOIS kap travay pou ajans KAPZYNEWS nan egzèsis profesyon an,kote polisye kraze a smatfòn li ak tout trepye jounalis la.

L'AMITPH denonse zak agresyon jounalis François Frantz sibi anba men yon ajan CIMO

Lè nou raple nou ki valè batay jenerasyon anvan an te fè poun te ka yon gen yon pres granmoun , lib ak endepandan ebyen 30 ane apre ou jwenn jounalis kontinye ap viktim zak briganday ak kraze zo nan men zago loray…..

Nan nòt sa responsab asosyasyon jounalis sa di yo paka bliye Jean Léopold Dominique,Jacques ROCHES, Vladjimir LEGAGNEUR ki se dènye gwo kou laprès la pran jouk nan zantray li.
« Nou di se twòp atò,nou bouke »!!

Nou menm nan Amikal la,nou kondane sak pase epi nou mande jistis ak reparasyon pou jounalis Frantz Francois.Nou pataje moman difisil sa ak ajans KAPZY NEWS.Je pran kou,nen kouri dlo.

« Nap di ak tout ekip KAPZYMEWS lan nou pa gen pou n fè lach nan kontinye sèvi popilasyon an,nap kontinye fè travay nou pandan nap mande otorite yo fè travay pa yo a paske kreyon listwa pa gen gòm ».

Viv libète la près ,viv Ayiti..

Pou komite had hoc AMICALE la ki siyen nòt sa se:

1-Jean wadson laguerre :RCH2000

2- Woodline SainT DIC: Radio RSF

3-Salomon NELSON:Radio TéléMégastar

4-Roonald Jean Baptiste :Radio RD+

5- Guillaume WILFRIDE :Radio Regénération

6-Fénélon JEAN MARC:Féno inter/RSF

7-Donald BEJAMIN:Radio one

8-Elie RIVAGE :Pijis/Endepandan

9-Pierre Andrice ST JEAN :RCH2000

10-Lubin YVNER: AVIZE NEWS

11-Lucinda CASSAGNOL L: Endepandan