24 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

KORE-N qui opte pour le départ de Jovenel Moise le 7 février 2021 fait un rappel historique des faits de 1804

KORE-N qui opte pour le départ de Jovenel Moise le 7 février 2021 fait un rappel historique des faits de 1804

Pòtoprens Ayiti 29/12/2020

       Nòt pou laprès

Pati politik Konvansyon pou Refondasyon Nasyon an ( KORE-N) ap fè tout pèp ayisyen sonje se lojik Tout Sa Ki Sanble Rasanble  a ki ta pral pèmèt nou reyalize gwo Kongrè Istorik sa a nan Bwa Kayiman pou nou tout te di ansanm Non ak esklavaj e Wi ak Libète ak Jistis Sosyal pou tout moun.                                    Paragraf 2.- …….anplis lè yo rive sou zile a, kolon yo pa te bay Esklav ki te sòti nan menm tribi e ki te pale menm lang yo chans pou yo te sou menm chan oubyen espas; yon fason pou te bourike yo pi byen. Tout obstak sa yo pa te rive fè zansèt nou yo tonbe nan reziyasyon. Yo te kontinye batay san pran souf.                                          

Batay sa yo ta pral akouche premye Janvye 1804. 2 zan aprè tout bèl batay ak estrateji sa yo, kolon nèg melanje ak kolon blan touye anperè Jean Jacques Dessalines, papa Nasyon an epi enplante esklavaj la sou yon lòt fòm. Yo tabli Sistèm Neyokolonyalis la.         Aprè 214 lane sasinay papa Nasyon an, nou menm, ayisyen otantik, nou gen yon randevou ak Listwa pou:                              1-Prese prese nou finalize yon antant nan mitan nou pou n retire Peyi a nan betiz lènmi anndan tankou deyò yo plonje li la.       

                                             2-Voye ale, jan atik 134-2 konstitisyon an di li a, Jovenel Moïse ak pouvwa sanginè PHTK a Sistèm Neyokolonyalis la mete kanpe pou detwi gwo majorite pèp ayisyen an.                                      Nou pap krache sou tout sakrifis, tout batay ki te akouche 1804 la. Pou rezon sa a, KORE-N ap fè tout ayisyen sonje 1e Janvye se jou Endepandans nou li ye. Se pi gwo jou nan lavi Peyi sa a. Nou se premye pèp nwa sou tout latè ki te rive kreye yon Peyi nwa endepandan; premye Peyi ki te bat yon gwo Pisans esklavajis tankou Peyi Lafrans. Peyi esklavajis yo ak tyoul yo an Ayiti fè tout sa yo konnen pou nou bliye menm jou Endepandans nou pandan yo kontinye travay pou fè nou pase anba pye tout lòt gwo dat istorik nou yo. Pa bliye, 40 lane aprè sasinay papa Nasyon an,Jean Jacques Dessalines, okenn ayisyen pa te gen dwa site non sa a. Yo te vle nou efase nan memwa nou non vanyan gason sila a ki ban Nou Endepandans lan. Nou p ap bliye. Nou p ap pèdi memwa nou. N ap rete yon pèp vanyan ki chaje ak fyète e k ap kontinye batay pou dechouke tout salte ki kouvri Ayiti e ki plonje nou nan lamizè, ensekirite ak enjistis sou tout fòm. Pou n kòmanse jwenn bout Sistèm kriminèl sa a, an nou Youn Kore lòt pou nou jwenn bout Jovenel Moïse ak PHTK 7 Fevriye 2021 pou pita pandan KORE-N ap swete nou chak ak tout lòt moun ki kwè nan Libète sou latè Bòn fèt Endepandans !!!


Ricard PIERRE
Prezidan                         
Eliphète Germeille
kòdonatè Lwès
Danielo FEQUIERE
Resp kominikasyon lwès