25 °C Port-au-Prince, HT
21 avril 2023

 » KARAVÀN FANM POU CHANJMAN  » appelant au retrait de la mesure d’augmentation du prix du carburant, prône une trêve et un dialogue inclusif

Depuis quelques jours, la situation d’Haïti dégénère et selon les rapports des organisations de défense des droits de l’homme, le robinet de sang s’est ouvert plus largement. La situation s’est aggravée suite aux nouveaux tarifs du carburant annoncés, le mercredi 14 septembre 2022, par le gouvernement en place. Se positionnant en faveur un dialogue entre les acteurs et le gouvernement pour résoudre la crise et d’apporter des réponses aux revendications du peuple haïtien, la stucture dénommée  » KARAVAN FANM POU CHANJMAN  » à travers une note transmise au journal en ligne KAPZY NEWS, appelle à une trêve de huit (8) jours et demande le retrait de la décision d’augmenter les prix de l’essence

" KARAVÀN FANM POU CHANJMAN " appelant au retrait de la mesure d'augmentation du prix du carburant, prône une trêve et un dialogue inclusif

.

Lisez en l’intégralité de la note rédigée en créole

FANM YO PALE

Depi kèk jou sityasyon peyi dayiti ap dejenere e daprè rapò oganizasyon dwa moun yo robinèt san an louvri pi laj. Pèp ayisyen an, san li pa nan lagè ap viktim chak jou ki jou, kote pwòp frè nou ap tire, boule, rache pwòp ayisyen parèy yo. viktim yo se manman, papa, pitit kap mouri e ki mete dlo nan je ak lapenn anndan tout yon fanmi.

Sitiyasyon an dejenere nèt lè gouvènman an anonse li pral monte pri gaz la, ki malouk anpil pou tout yon popilasyon ki te deja pat ka manje, e ki pat wè kouman poul te voye pitit li lekol, paske pwodwi premye nesesite yo ki te deja tèt nèg pral monte ankò. Sa vin lakòz anpil barikad, kawoutchou, bal kap tire tribò pa bò, moun pa ka al nan okipasyon yo depi de (2) jou.

Fanm ki ansent, moun ki fè kansè, moun kap soufri ki bezwen yon piki ki pou soulaje doulè kap pete fyèl yo, pa ka al lopital, doktè pa ka soti rive kote yo pou bay malad laswenyay, madan sara yo paka rive nan mache pou pote lamanjay vann, malere ki pat gen anyen nan men yo pou yo viv ap mouri grangou pou nou site sa yo sèlman.

Nan moman latwoublay sa yo, fanm yo ki se poto mitan lafanmi ak sosyete a pran kouraj yo ak de men pou yo mande yon chita pale, pou la pè ak sekirite retounen tabli nan mitan popilasyon an.
Poutèt sa, Fanm yo mande :

  1. Pou gouvènman an tounen sou desizyon monte gaz la pou kounye a, malgre nou konnen se sèl ayiti ki vann gaz a pri li ye a sou mache entenasyonal. Moman an pa mande sa ;
  2. Pou moun kap simen latwoublay yo aksepte chita pale ak gouvènman an plas la pou jwenn yo antant paske wè pa wè, ayiti se peyi nou, nou pa ka tonbe boulel, kraze, epi tou, si se pou pèp la, pa gen sakrifis ki twòp;
  3. Pou moun ki nan lari yo jwe jwèt entèlijan pou yo dakò bay yon tan pou chita pale a fèt paske nou deja montre sa nou kab fè e pi pa kite yo monte nou youn kont lòt, se pa sa ki vrè solisyon an, gen moun se enterè pòch yo ak biznis yo yap defann, se pa pou enterè popilasyon an, ni pou jèn ki pa gen travay yo, ni pou sa ki pi fèb yo;
  4. Pou kominote entenasyonal la sèvi medyasyon paske vle pa vle, match pa konn jwe san abit.
    Fanm yo mande nou yon moman kalmi pou o mwen uit (8) jou pou gouvènman an, kominote entènasyonal la ak opozan yo jwenn yon antant. Paske ayiti se peyi nou li ye, nou pa ka krazel, e se bak nap kontinye fè, san yon chita pale sensè, san ipokrizi, san enterè pèsonèl, nou ka jwenn yon solisyon.
    Fanm se lavi, se manman, se poto mitan lasosyete, se vwa bondye, nou mande tout moun tanpri souple, fe yon poze, bay yon tan pou yon solisyon ka jwenn, nou kapab si nou vle. Ann bay chans ak sa ki ret lakay yo ki pa gen senk (5) kòb pou yo manje, paske o final tout moun ap regle enterè pèsonèl yo, se nou ki pou montre nou entèlijan pandan nap met ansanm pou n defann enterè pa nou.
    Ansanm nou fò. Ansanm nap rive nan bout koridò a pou fè nwa kaba pou limyè parèt, epi pou nou rive viv ansanm. Pa gen anyen ki vo lavi, alò ann chwazi lavi.