28 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

KAPZY NEWS:Agresyon sou Jounalis François Frantz:MOFAVIDA plede anfavè bonjan respè pou travayè laprès yo

Mouvman Fanm Vizyonè Dayiti (MOFAVIDA) di se avèk anpil tristès ak endiyasyon yo aprann zak malonèt yon ajan CIMO fè sou jounalis ajans KAPZY NEWS lan, François Frantz.

KAPZY NEWS:Agresyon sou Jounalis François Frantz:MOFAVIDA plede anfavè bonjan respè pou travayè laprès yo

Nan okazyon sa a, MOFAVIDA plede anfavè libète laprès ak respè pou travayè près la.Daprè responsab yo,laprès pa yon kado men pito se rezilta yon gwo li,anpil sakrifis.
Se pou sa,jodia li enposib pou kelkeswa moun lan nan kelke swa kan li ta ye poul ta konprann kel gen dwa vi ak mò sou travayè la près
MOFAVIDA kondane ak tout fòs li Zak Sila pandan lap mande mouche leta,jistis peyi nou ,wo komandman polis la pran responsabilite nou devan nasyon an.
Listwa gen poul jije nou.

Lè nou sonje Jean Dominique
Brignol Lindor
Jacques Roche
Legagneur elatriye

MOUVMAN FANM VIZYINÈ DAYITI di non.non.non.
Nou bouke konte viktim
Nou bouke,nou bouke,nou bouke .

Jistis pou jounalis François Frantz

AYITI pap peri !

Madam Lucinda Cassagnol Laguerre
Kòdonatris jeneral