Lisez l’intégralité de la lettre
Yon Lèt tou louvri pou Lajenès.
Lajenès peyi m, Jenn gason ak jenn fanm mwen wete chapo devan kouraj nou ak detèminasyon nou chak. Mwen se Sonley Cherisier, yonn nan mitan nou, mwen se yonn pami nou.
Wi nou se viktim sistèm sosyal ak politik ki la. Wi lè dola meriken monte byen wo devan goud la nou se moun ki plis sibi l. Men m vle di nou jodi a, nou sou wout kite estad viktim lan.
Si apre yo asasinen yon Prezidan lakay li, enflasyon monetè a, 160 pyas pou yon dola, manifestasyon anonse devan bank yo, epi l tonbe a 110 goud nan 2 jou, sa vle di sistèm bankè a ap jwe sou pasivite nou, nan lespri yo, si n pa rele konnen l pa fè nou mal. Paske tchovi ki pa kriye, pa bezwen tete. Si apre Ayiti vin pami peyi ki gen plis kidnapin sou latè, nou Kontinye pa di w mo, nou Kontinye pa poze yon aksyon, n ap pase nan faz konplis.
Wi nou pral vin konplis bouwo nou yo, nou pral vin parèt menm jan ak sa ki ensansib epi san kè yo. Ensidan ki pase zòn Pon Taba son w endis pami plizyè lòt ki montre nou klèman, se pa paske pa mele nan manifestasyon moun ki fè nou pap mouri.
Lapolis se enstitisyon ki pran moun nan jenès ou, epi w fè karyè, men alèkile se si bandi vle. Sa vle di, chaje jenn gason ak fanm anndan PNH, bandi yo, anpil poko menm nan laj jenès yo, paske se yon pil adolesan, sa vle di se demen peyi a, se avni peyi a k ap tire sou yonn lòt. Nou te panse kouri al kache Sen Domeng t ap chanje sa, men tout medya ap pale kijan y ap kontamine kèk nan nou ak sida.
Eske w alèz nan Ayiti sa yo fè pou ou a ?, non ou pa alez, ebyen poukisa w pa fè Ayiti k ap bon pou nou tout la ?
Ebyen lajenès fòk nou pran Flanbo a, Lajenès mwen envite nou ini fòs pou n chwazi plizyè nan mitan nou pou vin mennen ekonomi ak politik peyi nou. Paske se nou ki monte syèl pa do, se nou ki pote fado a, men chak eleksyon se nou yo janbe tankou lento.
Jenerasyon 2000 lan, poko jwenn chans vote, men sonje sa, vòt nou pral konte pou chanje anpil bagay.
Fòk nou chak egzije bagay ki ka mete baz ak fondman pou yon vrè nanchon.
tankou kèk nan revandikasyon pa m yo;
Edikasyon nou sipoze fèt nan lang kreyòl ki se lang nou konprann lan.
Nou sipoze respekte epi onore papa patri sa kòm yon moun san parèy, pale mal de Jean Jacques Dessalines sipoze yon atent grav kont chak grenn nan nou.
Nou sipoze respekte tout sa ki sakre, sitou nan vodou. Chak moun gen dwa pou yo chwazi relijyon yo, men tout Ayisyen sipoze respekte relijyon zansèt nou yo.
Nou dwe egzije adopsyon konstitisyon 1801 an, epi amande li.
Nou sipoze mete legliz katolik akote nan zafè leta epi mete l akote tou nan zafè edikasyon pa bò isit. Leta pa nan relijyon. Legliz se lafwa, lekòl se syans.
Chak jenn gason ak fanm dwe kòmanse panse pou demen Ayiti a. Nou se ant 6 a 7 milyon paske nou plis. Fè tande vwa nou son w bagay byen senp.
Li lè pou nou aji! Se yon lèt, se yon siy ki montre m ap akote lidè jèn k ap vle pote flanbo a pou Ayiti vin yon peyi a.
ki aksyon w vle kòmanse poze ou menm ?
Sonley CHERISIER
Sitwayen Ayisyen