22 °C Port-au-Prince, HT
1 décembre 2023

Haïti: Note de conjoncture du parti UNIR

Se ak anpil desepsyon, endiyasyon, direktwa pati politik UNIR ap konstate kòman otorite nan peyi sa, san gad dèyè, ap kontinye trennen peyi a nan plis kriz. Ajisman otorite yo endiy de nasyon an.

Haïti: Note de conjoncture du parti UNIR

NÒT SOU KONJONKTI A


Malerezman awogans ak enkonpetans fè yo pa ka konprann kalte responsabilite ak angajman yo pran nan non zansèt nou yo, devan listwa. Ajisman otorite yo endiy de sakrifis ki te fèt pou fonde peyi sa. Patriyòt, sitwayen konsekan, onèt, ki renmen Ayiti tout bon, pa ka pa endiye lè nan 2020, 216 lane aprè endepandans, toujou pa gen okenn mezi ki pran pou retire majorite popilasyon an nan malsite ;
Nou pa ka pa endiye lè nan 21èm syèk sa, elèv lekòl nou yo, pitit peyi a, avni nasyon an, toujou oblije pran lari manifeste pou jwenn moso ledikasyon nan lekòl yo ;
Nou wont lè moun ak gwo zam fannfwa, bandi gran chimen, vwayou, ap sikile libelibè, lannwit kou lajounen, nan kapital tankou nan pwovens, pou simen dèy nan mitan popilasyon an ak konplisite otorite yo ;
Nou wont lè polisye ak militè ap tire bal youn kont lòt gwo midi sou channmas anba estati Jan Jak Desalin, papa nasyon an ; 
Nou wont, nou endiye, lè n gade kouman otorite peyi Dayiti, peyi Desalin nan, mare sosis yo ak etranje pou yo souflete peyi a nan ba yo dwa pou yo foure bouch yo byen fon nan sa k ap regle lakay nou ;
Nou endiye, lè n konnen nan yon demokrasi otorite yo dwe senbolize sajès, konpetans, moderasyon, poutan pa nou yo konpòte yo tankou chwal fou ki lage nan savann ;
Mouche Jovenel Moïse, chak jou pi plis, ap montre yon karaktè otoritè nan antreprann demach ki pa bobo ak prensip demokratik yo. Definitivman, pwojè l ak kèk aktè nan kominote entèsyonal la, se lage peyi a nan plis kriz pou fasilite bòt letranje rete sou kou peyi a.
Malgre tout apèl pou egzòte pouvwa sa pou tande vwa larezon, pou kanpe sou deriv li yo epi chèche vwa dyalòg pou ansanm nou ta jwenn yon antant pou n soti nan sa n ye la, mouche Jovenel Moïse vle kontinye vanse ak tout boulin pou lage peyi a nan ravin malè. Arète pou nome manm KEP dèyè do manman lwa peyi a ak tout lòt prensip ki ta dwe sèvi n kòm gid nan yon rejim demokratik, san yon minimòm konsansis, se yon dènye ajisman pou fè n wè tout bon pouvwa sa pap travay pou tabli lapè ak serenite anndan peyi a. Alòske yo se premye kondisyon pou n vanse sou wout pwogrè. 
Si se vre UNIR kòm yon pati demokrat dakò sou prensip pou eleksyon òganize anndan peyi a, eleksyon pa kapab òganize nan kondisyon nou ye jounen jodi yo.
Pwosesis ki pou mennen nan eleksyon sa yo pa gen dwa fèt dèyè do lalwa, nan vyolasyon tout prensip tradisyonèl ki konn gide nasyon an nan konjonkti sa yo. Li pa ka fèt ak desizyon malatchong, gwo ponyèt.

UNIR pa ka kolabore ak yon KEP ki enkonstitisyonèl. UNIR pa ka kolabore ak yon KEP ki gen yon misyon antikonstitisyonèl. Yon KEP ilejitim pa ka akouche eleksyon lejitim. Yon KEP ki pa kredib pa ka òganize eleksyon kredib. 
Mouche prezidan, wout ou pran an pap fè lòt bagay ke lage peyi a nan plis kriz. Nou wont pou ou.
Devan konsta sa ki bay kè kase ak endiyasyon, devan plan makab sa, UNIR envite tout sektè ki regwoupe moun konsekan, patriyòt, popilasyon an anjeneral, pou yo reveye yo, kale je yo, pou n ramase desten n. Nou pap kite yo kontinye trennen nou nan labou. Ayiti merite pi bon pase sa.UNIR egzije pou kòripsyon kanpe anndan peyi a ;UNIR egzije pou zak maspinay k ap fèt nan katye popilè yo sispann;UNIR egzije pou zak sasinay k ap fèt sou sitwayen pèzib anndan peyi a sispann;UNIR egzije pou kidnapin nan sispann;UNIR egzije lapolis ak lajistis fè travay yo pou viktim yo jwenn jistis ;UNIR egzije pou mas yo sòti nan kras; Leve kanpe pou n bare lawout ak tout moun k ap fè n pèdi wout;Leve kanpe paske si n pa konbat yo y ap konbat chak grenn nan nou jouk yo fini ak nou tout ;Leve kanpe paske peyi a se pou nou tou.
Jou ki 23 sektanm 2020 an,

DIREKTWA UNIR