23 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

Haïti: Le scandale éclaté, Buder Brillant se rétire du regroupement  » Nou pap Konplis « 

Le Porte-Parole adjoint du groupe de petrochallengers   » Nou pap konplis  » M. Buder Brillant prend ses distances avec ledit groupe pour préserver son image, a-t-on lu dans sa note transmise ce mardi 7 janvier 2020 à la rédaction de KAPZY NEWS.

Haïti: Le scandale éclaté, Buder Brillant se rétire du regroupement " Nou pap Konplis "

Note (en créole) de Buder BRILLANT annonçant son rétrait du groupe de Petrochallengers Nou Pap Konplis

Mwen se Buder Brillant, yon jènn gason ki fè dwa ak diplomasi kòm etid, yon jènn gason ki se yon chèf pati politik, yon jènn gason ki te kon n pran lapawòl nan laprès nan non NouPapKonplis ak tit nan Pòtpawol Adj.

Mwen te toujou kwè e map rete sèten jenès la se veritab baton pèleren pèp la pou mennen batay kap rive kapote sistèm nan epi chavire chodyè inegalite yo plat pou tout moun viv tankou moun, poum pata di pou lavi boujonnen pou nou tout jenerasyon.

Lè mwen te entegre gwoup petwotchalendjè NouPapKonplis la, mwen pat gen dout nan sa menm yon segonn, se te yon ekip santinèl ki tap veye sou lavni pèp la, paskem te temwen flanm motivasyon marande ak foug jenès la ki tap degaje nan mitan chak grenn manm estrikti sa. Mwen te vrèman santim lakay mwen, nan mitan yon pakèt potorik jènn fanm ak jènn gason ki tap kole zepòl pou pote revandikasyon sa ki san vwa yo pi wo. Mwen pat pran anpil tan poum te fonn nan mitan mesye dam yo jouk mwen te rive gen tit pòtpawòl Adj. Peyi nou Ayiti malad anpil, pwoblem enkonpreyansyon ak mefyans se yon kansè ki mete peyi nou nan faz tèminal pwiske jenès la ki se fòs li pa menm ka rive antann yo sou ti divèjans yo ale wè pou yo ta rive bay peyi a lespwa pou yon landemen miyò.Yon senp kriz ki pete nan mitan nou, nou pa janmen jere li jouk jodia nou rive trennen nan labou atak pèsonel epi plezi achane pou youn detwi imaj lòt sou lotèl tribinal medyatik. Nou mechan anpil ak tèt nou mesyedam. Gen anpil bagay ki anpeche jenès peyim gade nan menm direksyon youn ak lòt. Men, mwen prefere pa site yo paske tout moun kap swiv kapab konstate yo.

Ayè se te ak anpil tristes pou’m tap tande kalte pawol ki tap repete sou Radyo Vizyon 2000 nan maten epi sou radyo Zenith nan aswè. Pawol sa yo, se de pawol mwen pat janm te okouran de yo andedan NouPapKonplis. Mesye dam nou bese nivo a atè plat nèt. Sa ki pi tris la mwen kwè li te enpotan pou nou te gen yon minimòm pitye ak respè pou konkenn chenn jènn fanm ak jènn gason ki te rantre nan mitan nou ak tout bon lentansyon yo epi tout sousi pou kenbe imaj yo pwòp. Omwen nou te ka epanye yo de espektak move gou sa a nou tap ofri la bay popilasyon an nan medya yo. Li tris mesye dam, li bay repiyans kanpay medyatik sa yo nap fè la kap sal pwòp imaj nou ankò.
kidonk, poum sove diyite’m epi pa kite nou trennen m nan pousyè ak labou iresponsabilite nou yo, mwen menm Buder Brillant youn nan Potpawol NouPapKonplis yo deside retire kò mwen toudousman nan mitan nou, pandan ke map rete fèm ak konviksyon mwen sou batay kont koripsyon an.

Mwen swete nou resezi nou, epi tou nan yon lot batay nap gen pou n fè eksperyans sa a va sevi nou kòm leson.

Silans pou mwen nan moman sa a pou kounyea se pi bon zam mwen.

Bòn chans mesye dam!
Mési
Buder BRILLANT