31 °C Port-au-Prince, HT
23 septembre 2021

Haiti: Le Parti Politique Pitit Dessalines exige le report de la réouverture des classes

KOMINIKE

PATI POLITIK PITIT DESALIN

GRAN SID, 21 dawout 2021.-Moman istorik malouk nou ap viv la a dwe raple nou chak separeman, tankou nou tout ansanm, depi bwakayiman fòs nou se nan konbit li ye, ki vle di nou se yon fòs ni mechanste lèzòm ni kapris lanati pa ka koukouman lè nou pote kole youn ak lòt san fòs lajan, ni anvi fè wè, ni bati kanpay politik sou do frè ak sè nou lè yo vrèman bezwen prezans fizik nou, sipò moral nou plis pase tout lòt sa nou ta ka ofri yon fanmi ki pèdi bridsoukou tout sa li te posede, menm potomitan demanbre li. Se nan lespri kongrè potekole ki te djayi nan lannwit 14 dawout 1791 lan, ki t ap al kònnen premye kout lanbi revolisyon an 22 Dawout, nou menm Pitit Desalin yo te deside al gade ak 2 nawè nou, ravay bonm atomik trablemanntè samdi 14 dawout 2021 an fè nan 3 depatman (Grandans, Sid, Nip) ki fòme Gran Sid la. 5 lane aprè dezas siklòn Matye a, Gran Sid la te doubout, e l te rekòmanse pran manm.

Se lespri solidarite bwakayiman, mòn wouj, ak 12 prensip makaya yo, anba lidèchip Sekretè Jeneral Pati Pitit Desalin nan, Sosyalis Desalinyen Moyiz Janchal, ki te enspire nou pou nou te fòme 3 ekip ki tabli baz yo nan chak depatman sa yo an menm tan. Ak anpil doulè nan nanm nou, firamezi nou ap mache bay bourad nan anpil zòn tranblemanntè sa a ravaje, nou konstate anplis kay abitab, legliz, perestil ak lopital, pifò lekòl (pou nou pa di tout) tonbe plat atè. Manman ak papa pitit nan lari. Kay kraze, anba rafal van, gwo solèy ak dlo. Laplipa ladan yo pa (te) menm gen yon moso prela pou twonpe lapli ni solèy, alòske Ministè Levasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MLNFP) fikse rantre lekòl 2021-2022 a pou 6 sektanm ki ap pwente la a.

Lè n konnen Pati Politik Pitit Desalin (PPPD) pa janm danse kole ak pyès sosyete miwo miba, ni ak okenn lekòl k ap mache sou plizyè pedal, nou makònen vwa nou yon fwa ankò ak rèl manman ak papa, pwofesè lekòl ki pèdi tout sa yo te posede nan Sid, Grandans ak Nip ; mete sou rèl vant kòde moun Matisan ak Fontamara, bezwen sikolojik ak sikososyal pou viktim yo, pou nou mande rekile rantre lekòl la pou 6 oktòb pou pi pre. Menmsi koz yo depaman, san di petèt, se ak menm reyalite a timoun nan Gran Sid yo ap fè faskare ak ti inosan ki deplase kite Matisan ak Fomtamara yo, kote paran yo blije bandonnen kay yo lè se pa boule yo boule yo, sa ki lakòz majorite lekòl nan twazyèm sikonskripsyon an fèmen pòt yo, kòmsi yo te disparèt memmjan ak sa nan Gran Sid yo. Elèv sa yo ak tout pwofesè ki nan zòn sa yo, san n pa bliye pil paran sa yo, pa menm gen kote pou yo dòmi, alewè pou yo ta voye timoun yo nan lekòl kote pòt lekòl pap ka louvri.

Rekile dat ouvèti lekòl la ap pèmèt nou dekouvri anplasman etablisman eskolè ki tonbe osnon fisire yo, epi pote kole pou repare sa ki ka repare, osnon bati anga solid pou pèmèt timoun Gran sid yo reprann chimen lekòl menm lè ak tout lòt timoun sou teritwa a. Sa ki pase nan Gran Sid la afekte lekòl prive, lekòl leta ki yo menm te deja gen yon pil aryere ke yo te dwe yo, dezas la vin mete abse sou klou, nan ka pa yo a. E, Leta dwe veye pou okenn lekòl pa boude desizyon moral rekile dat ouvèti a.

Pou Matisan, mezi leta a dwe fèm, menm bagay, leta a dwe sispann tete lang ak revandè zam ak minisyon ilegal nan katye popilè yo pou lapè ak sekirite ka tabli nan tout peyi a, sitou nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan. Depi kòmès minisyon an kanpe, tout zam ap bèbè, bandi ap kraze rak, lapolis ap sèl kòk chante sou bout tè byennèt ak libète total kapital Papa Desalin te pwojte bati a.

PPPD se pòtvwa/pòtbanyè sila mesyedam (Repiblik) Pòtoprens yo toujou bliye yo. Virewon, founi je gade pati a ap kontinye fèt nan tout rakwen nan Gran Sid la kontrenn nou mande ranvwaye rantre lekòl la an siy koudakoud ak paran ak elèv, epi pwofesè nan zòn tranblemanntè frape yo, osnon kote koutbal bandi sistèm nan ame pou li ka repwodwi tèt li yo devaste. Pitit Desalin p ap janm dakò je wè bouch pe lè frè ak sè nou yo bezwen fòs ponyèt nou atravè yon KONBIT SOLIDARITE k ap deplòtonnen JISKOBOU! -FEN-

error: Content is protected !!