32 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

Haïti: Fanmi Lavalas condamne et qualifie de « Makout » l’acte posé par Moïse J. Charles

Dans une note de presse en créole du 13 novembre 2018 transmise à l’agence KAPZY NEWS, la commission politique du parti Fanmi Lavalas demande au peuple de rester vigilant et mobilisé pour la grande mobilisation prévue pour le 18 novembre prochain, tout en qualifiant de  » Makout  » l’action de Moïse Jean-Charles de hisser un drapeau noir et rouge en lieu et place du bicolore bleu et rouge.

Haïti: Fanmi Lavalas condamne et qualifie de "Makout" l'acte posé par Moïse J. Charles

Voici la teneur de la note

Komisyon Politik Óganizasyon politik FANMI LAVALAS kondane zak makout sa a Jean Charles Moise poze ak koze drapo peyi a.

Pòtoprens, Madi 13 novanm 2018

Nòt pou laprès

Komisyon popitik FANMI LAVALAS di onè respè ak tout popilasyon Ayisyèn nan pandan l ap salye tout nèg ak nègès Dayiti ki fè anpil sakrifis, anpil batay e ki te menm bay vi yo pou fè respekte memwa zansèt nou yo, ke diktatè Divalier te asasinen lè l te elimine drapo ble e wouj la pou l te plante drapo pentad la kise drapo nwa e wouj la.

Reklame jodi a, drapo nwa e wouj, yon tijan sispèk. Pandan politisyen nostalgik lòt bò dlo, ap fè pwomosyon ti Nicolas Duvalier politisyen memwa pou l ak sèvèl wòwòt, bò isit, ap fè pwomosyon drapo Franswa Divalye a, drapo nwa e wouj la. Sispann irite pèp la, sispann pase lit pèp la nan tenten.

Pèp Ayisyen, komisyon politik Fanmi Lavalas mande nou, pou nou rete vijilan. Jodi a batay la se pa batay koulè drapo. Batay la se gonfle ponyèt nou pou n al fè sa zansèt nou yo te fè 18 novanm 1803, pou nou libere peyi a anba otorite tilolit sa yo. Batay la se goumen koutkekout pou nou mete nan tèt peyi a yon pouvwa tranzisyon pou nou ka fè pwosè petrokaribe a, e fè konferans nasyonal la, pou nou tabli nan peyi yon bon sistèm politik k ap pèmet Ayiti devlope tout bon vre, kote tout pitit li, san distenksyon ,va jwenn nan richès peyi a.

Komisyon politik Fanmi Lavalas mande popilasyon ayisyèn nan pou l sonje divèsyon trèv la, te ralenti mobilizasyon 30 septanm 2018 la. Li mande l, pou l pa pran nan pièj divesyon koulè drapo, pou l kenbe mobilizasyon an dyanm. Chodyè mobilizasyon ap bouyi moute, pa kite tak dlo glase drapo nwa e rouj tonbe ladan l.

Komisyon Politik Fanmi Lavalas mande tout manm Fanmi Lavalas, kanpe lwen tout initiativ k ap asasinen memwa zansèt nou yo, kolabore ak tout moun k ap goumen san ipokrizi pou chanje sistèm pezesouse sa.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm anasnm nou se lavalas.

Moun ki siyen Pou Komisyon Politik Fanmi Lavalas :

Depite Bertrand SINAL Prezidan

Depite Joseph Manès LOUIS Sekretè

Depite Roger MILLIEN Manm

Depite Belizaire PRINTEMPS Manm

Depite Vikerson GARNIER Manm