26 °C Port-au-Prince, HT
7 décembre 2023

EMNA demande à la population de suivre les voies de nos ancêtres

Dans une note acheminée ce mercredi à la rédaction de l’agence de presse en ligne KAPZY NEWS, l’Espace de la Mobilisation Nationale (EMNA) demande à la population haïtienne de suivre la voie de nos ancêtres.

EMNA demande à la population de suivre les voies de nos ancêtres

« Anfen, poutout rezon sayo Espas Mobilizasyon Nasyonal la, (EMNA) rapele popilasyon an ke pa genyen bonè san sakrifis, ann soufri pandan kèk jou
pou nou ka change lavi nou pou toujou e mande tout depatman yo pou nou tande vwa ak konsèy zansèt nou yo nan batay sa sètadi ann boule, kraze, chavire, dechouke tout sa ki barenou, tout sa ki ampeche nou avanse ke nou kon nen deja. Kreyol pale, kreyol komprann » peut-on lire dans la note…

POZISYON ESPAS MOBILIZASYON NASYONAL SOU JOUNEN BLOKE PEYI YA APRÈ ANONS ÒGMANTASYON PRI GAZ LA;

Lè nap konsidere ke depi lè Ariel Henry te monte Gaz la nan fen ane 2021 an, tout pri mange moun mange chak jou kòm diri, pwa, mayi, lwil, aran, ble, pitimi, avwa n, ban nan n, patat, yanm, zaboka, ak lot ankò ogmante 2 fwa plis;

Lè nap konsidere ke poul te ka monte pri gaz la, lite al chita ak yon paket ti raketè nan sendika transpò kel te roule nan fari n, Kote li te fè yo yon pakèt pwomès kel pat janm respekte et raketè yo te dakòl monte pri gaz la;

Lè nap konsidere ke genyen yon pakèt nan sendika sa yo anko ki nan pati politik, òganizasyon, asosiyasyon e ki jounen jodiya ap rentre nan batay pèp la pou yo al regle zafè payo, kidonk fok nou vigilan;

Lè nap konsidere ke se Michel Martelly, boujwa peyi dayiti, PHTK, ONU, OEA, Ambasad lèzetazini, kidonk Kògroup la ki mete Ariel Henry nan tèt peyi a, se sak fè tout désizyon lap pran se desizyon kont pèp ayisyen, desizyon ke moun sa yo ak òganizasyon entènasyonal sa yo mandel poul pran;

Lè nap konsidere ke si yo ta menm mete 10 pyas sèlman sou gaz la, mizè ya tap vini pi rèd, fanm ak Jen n gason tap vi n plis anfonse nan mizè, prostitisyon, volè, koripsyon e menm mouri nan grangou;

Lè nap konsidere ke pou rantre lajan, leta te ka batay nan kontreband lan kote plis pase sis san milyon dola ap gaspiye chak ane, rentre nan franchiz dwa n an favè boujwa yo, al dèyè lajan petwokaribe a e lot ankò;

Lè nap konsidere tou ke tout nèg kap rantre jodiya nan batay sa kise batay pèp la pou vi n vann tèt yo, pou vi n fè kompran ke yo se lidè se raketè ki bezyen pran devan poul al regle zafè yo;

Lè nap konsidere ke pèp la oblige, fas ak vyolans boujwa yo, leta ak kominote entènasyonal la, swiv ekzamp zanzèt liyo, sètadi aplike fòmil radikal la kise koupe tèt boule tout bagay moun ki kont peyi ya;

Lè nap konsidere ke genyen deja yon pakèt raketè nan klas politik la, nan sosyete sivil la kise restavèk boujwa yo ki gentan nan misyon kap fè divèsyon, nan eseye fè komprann ke se reyaksyon moun pòv yo nan lariya ki se vyolans lan, poutan vyolans lan se gaz la, se lavichè ya, se gang yo, se koripsyon an, se kidnapi n nan, se phtk, se Ariel Henry; se kògroup la;

Lè nap konsidere ke se batay sa ki ale nan rasi n problèm nan e ki pral change kondisyon vi nou, kidonk anyen paka kanpel;

Anfen, poutout rezon sayo Espas Mobilizasyon Nasyonal la, (EMNA) rapele popilasyon an ke pa genyen bonè san sakrifis, ann soufri pandan kèk jou
pou nou ka change lavi nou pou toujou
e mande tout depatman yo pou nou tande vwa ak konsèy zansèt nou yo nan batay sa sètadi ann boule, kraze, chavire, dechouke tout sa ki barenou, tout sa ki ampeche nou avanse ke nou kon nen deja. Kreyol pale, kreyol komprann

1) Thèlémarque Luc Ernest
2) nathalie Délisca
3) Gardy Maisonneuve
4) Léonard Jean Renal Nau
5) Marc Antoine Maisonneuve, yo tout yo se responsab Espas Mobilizasyon Nasyonal (EMNA)