31 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

Diskou nan kad prezantasyon ofisyèl nouvo 1er minis CEANT

Ajans KAPZY NEWS envite’w li nan lang Kreyòl Diskou nan kad prezantasyon ofisyèl nouvo Premye minis Repiblik Dayiti Jean Henry Céant

Diskou nan kad prezantasyon ofisyèl nouvo 1er minis CEANT

Pèp Ayisyen,

Frè m ak Sè m yo,

Mwen chwazi mèt Jean-Henry Céant pou Premye Minis, paske mwen kwè se tout ayisyen kelke swa konviksyon politik yo, ki dwe mete tèt ansanm pou devlope peyi a.

Premye minis nome, travay m ap mandew se pou w fè tout sa ki posib pou rebay sitwayen yo konfyans nan Leta a. Se pou w konbat gaspiyaj, redwi depans nan leta a. Chak senk kob ki depanse se pèp la pou l al jwenn. Se sa mwen te pwomèt se sa ki dwe fèt. Se pou gouvenman ou pral fome a, le li fin jwenn benediksyon palman an, mete an aplikasyon arete ki pou bese depans nan leta a (arrêté sur le train de vie de l’Etat).

Se pou rapousiv estrateji karavann chanjman an. Kavarann nan se yon mannyè ki pou fè administrasyon leta a travay pi byen, pi vit avek yon mwens mwayen.

Bousol nouvo gouvenman se 7 aks prioyoritè administrasyon mwen an de fini yo. San nou pa bliye, gwo manman penba a se oganzasyon eleksyon yo nan lane 2019 la.

Premye minis,

Mwen mande w sanzatann angajew pouw soulaje mizè tranch popilasyon ki ap mal viv la. Map mande w devlope pwogram sosyal pou tout katye pòv yo, konbat lavi chè, soulaje doulè manman pitit, chanje kondisyon polisye nou yo ki gen misyon pou yo pwoteje ak sèvi nou. Yo merite sanzatann pou nou panche sou kondisyon lavi yo. Yo merite sanzatann pou pitit yo viv nan pibon kondisyon. Yo merite sanzatann pou si yo tonbe madanm yo ak pitit yo ka kontinye viv byen.

PM, mwen mande w devan tout Nasyon an pou ou travay sou kondisyon pou leta rantre mwayen pou li ka finanse travay li gen pou fè. Dwann ak DGI dwe vini pi pèfòman. Mwen mande w pou chak mwa ou bay la nasyon kont sou sa ki rantre ak sa ki depanse. Sou sa ki pou fèt, sa ki fèt, sa ki poko fini. Sa nou vle se REZILTA POU Pèp la.

Premye minis konstitisyon an defini twa gran pouvwa nan leta a. Fok yo tout travay ansanm, men fok yo chak respekte pouvwa lòt.

Mwen menm sou bo pa mwen map chita sou pouvwa konstitisyon ban mwen. Map chita sou atik 136 la pou mwen voye je sou jan enstitisyon yo ap mache.

Mwen mande w pou w travay sou sektè fanm yo ak sektè jèn yo. Se yo ki pi plis nan peyi a, se yo ki pou motè devlopman nou. Mw mandew pou yo byen reprezante nan gouvènman wap genyen pou ou monte ya.

Premye minis, pa gen estabilite san lajistis. Pa gen estabilite lè pwopriyete prive menase. Mwen mande w pou mete lôd nan zafè dap piyan sou tè, sou kay, sou pwopriyete prive. Fok BRICIF la genyen mwayen pou l aji kòm sa dwa pou mete pèp la an konfyans, pou moun pa pè envesti nan peyi ya. Mwen mande w trase ekzanp pou tout envestisè ayisyen ak etranje santi yo alèz pou vini envesti nan peyi a.

Nan sikonstans sa a, map di w tou dosye Petrokaribe a, se dosye pa w li ye. Retire lespri patizan, retire kalomni, men chèche laverite. Se pou limyè lajistis klere dosye sa. Yo eseye avili twòp moun, yo vle twòp inosan peye pou koupab. Se koripsyon ki fè nou pa gen respè yonn pou lot, ki alimante vyolans, kifè lot peyi pa respekte nou. Travay ou se pou nou tout ansanm nou vire yon paj nan istwa peyi a. Lap bon pou nou tout.

Youn nan dosye ki pral pi enpotan e ki pral mezire siksè gouvenman an se jan ou pral angaje w pou reyalize eleksyon 2019 yo. Fok ou pran tout dispozisyon prese prese pou eleksyon sila yo fèt nan bon kondisyon e pou genyen yon laj patisipasyon popilasyon an, Fok eleksyon yo demokratik, lib, transparante, honèt e inklizif.