24 °C Port-au-Prince, HT
27 mars 2024

Comme prévu, la commémoration du 16 décembre a pris fin en grande pompe à la Fondation Aristide

Après deux (2) jours de débat et de réfléxion sur l’idéal du 16 décembre 1990 autour du thème  » 3 Jou Bò Tab La  » l’organisation politique FANMI LAVALAS a clôturé avec succès, ce lundi 16 décembre 2019, au local de la Fondation Dr. Aristide à Tabarre, la commémoration du 29ème anniversaire de la montée au pouvoir de Jean Bertrand Aristide, à travers des élections libres et démocratiques.

Comme prévu, la commémoration du 16 décembre a pris fin en grande pompe à la Fondation Aristide

S’exprimant à cette occasion, la coordonnatrice du comité exécutif de l’organisation FANMI LAVALAS, Dr. Maryse Narcisse, a déclaré que les nouveaux colons refusent de respecter la volonté du peuple haïtien.

La miltante politique exige une transition durant laquelle le dialogue national pourra être initié pour le chambardement total du système en place, qu’elle qualifie par ailleurs de  » corruption ».

«  Le peuple haïtien a trop souffert. Maintenant, le moment est venu pour rassembler nos forces afin de pouvoir accueillir l’arrivée du changement tant demandé « , a dit Mme. Narcisse en marge d’une conférence de presse tenue ce lundi à la Fondation Aristide.

——————————-

Nòt Pou Laprès 16 Desanm 2019 / Fanmi Lavalas

Depi 16 Desanm 1990, dat istorik, kote pèp ayisyen an te sòti an mas pou li jwenn wout delivrans la avek Jean Bertrand Aristide kòm Prezidan, mas pèp la pa janm sispann revandike e batay pou Diyite ak yon lavi miyò. Jis jounen jodia, nouvo kolon yo poko ka dijere viktwa sa. Tan ale, tan vini, syèk chanje, men nouvo kolon yo pa chanje. Pou yo, Ayiti pa dwe genyen yon vre endepandans politik, ki plòtonnen sere sere ak bon jan endepandans ekonomik. Konsa, yo toujou sèvi ak esklav mantal lokal, pou anpeche pèp la viv nan Libète, Egalite, Fratènite. Jan Prezidan Aristide, Reprezantan Nasyonal Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas la toujou di: « Nouvo kolon yo refize respekte volonte Pèp Ayisyen an. »

Jodia 16 Desanm 2019, Fanmi Lavalas ap salye Kouraj ak Detèminasyon pèp Ayisyen an, pandan n ap fè Solidarite ak tout viktim batay sa, k ap kontinye toupatou nan peyi a. Anpil kouraj pou tout fanmiy ki pèdi yon frè, yon sè, yon zanmi pandan 29 ane sa yo. N ap lite pou dwa nou. N ap lite pou lavi nou. N ap lite pou peyi nou! Nou anfas yon pouvwa delenkan k ap kraze eskanp figi peyi a, k ap detwi lavi pitit pèp la, ki sòti pou fini ak nou tout. Se sa ki fè, ak konviksyon, pèp la leve kanpe nan tout peyi a, e li deklare ke li pap janm bay legen. Gwo leve kanpe istorik sa k ap fèt depi plizyè mwa, fòk li bay rezilta. Fanmi Lavalas di, avek konsyans, entelijans mas pèp la, ansanm ak tout Ayisyen patriyòt ki vle pou sa chanje tout bon vre, n ap mare fòs nou ansanm pou nou mennnen konba sila a jiska la viktwa final.

Tout planifikasyon ak analiz nou sòt fè pandan 3 jou Bò Tab la, montre a klè kijan pwopozisyon Fanmi Lavalas pou sòti nan kriz sa, se li ki ka pèmèt nou ranmase karaktè nou, epi louvri pòt chanjman an tout bon, pou byen tout pitit peyi a. Chavire chodyè a ak mete sou pye bon kondisyon pou nou reyalize chanjman sistèm nan dwe toujou makònen. Sinon, se lave men siye atè. Mobilizasyon sou tout fòm, dyalòg san fòs kote ak tout sektè nan peyi a, ki kwè nan nesesite chanjman sa, se wout ki ap mennen nou nan viktwa a.

Ni delegasyon ki sòti nan tout depatman yo, ni majorite pèp Ayisyen, nou egzije yon tranzisyon / koupe fache ak ansyen sistèm lan, pou akouche yon lòt mòd leta, ki respekte dwa tout Ayisyen pou Diyite ak Lavi miyò, san eksklizyon, ni kòripsyon, ni enpinite,
Pèp Ayisyen an soufri twòp, moman an rive pou nou rasanble fòs nou, pou louvri pòt pou chanjman an ka antre, pou l rive jwenn majorite a. Pa yon chanjman lamayòt, pou yon ti gwoup oligachi kontinye ap peze souse san pèp la, e kraze espwa pitit nou yo.

Pandan 10 dènye ane sa yo, peyi nou pran 2 gwo frap: goudougoudou ak siklòn PHTK. Ekonomi peyi a efondre. Enstitisyon yo atè plat. Ayiti bezwen redrese pou nou mete li sou yon lòt ray. Redrèsman sa pral pèmèt pèp la rale yon souf, epi kreye tout bon kondisyon ki ka pote devlòpman pou tout pitit peyi a. Devlòpman ekonomik, Jistis, Transparans, Patisipasyon, ak Lavi miyò pou tout moun lan posib. Nou menm majorite Pèp Ayisyen an nou ka fè sa paske nou pa deside retire trip mete pay; nou sèmante pou n derasinen koripsyon, enjistis, grangou, chomaj ak lamizè san parèy sa a.

Fanmi Lavalas kwè nan rezilta batay pèp la. Chanjman an posib. Viktwa k ap ban nou nouvo mòd leta a posib. Sa mande konviksyon, kouraj ak entelijans. Viktim yo pap mouri pou granmèsi, Nou pap obeyi!
Yon sèl nou fèb , Ansanm nou fò, Ansanm Ansanm NOU SE LAVALAS

Komite Ekzekitif Fanmi Lavalas
Dr. Maryse Narcisse

M. Joël Vorbe

Dr. Jean Myrto Julien

Agr. Anthony Dessources

Comme prévu, la commémoration du 16 décembre a pris fin en grande pompe à la Fondation Aristide

Comme prévu, la commémoration du 16 décembre a pris fin en grande pompe à la Fondation Aristide