23 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

CLUC65 dresse un bilan désastreux du gouvernement d’Ariel Henry et appelle le peuple à prendre en main son destin

Dans une note acheminée à l’agence en ligne KAPZY NEWS, le coordonnateur de l’organisation  » Chemin Lumière, Unité et Changement sur 65 Formes ayant pour sigle (CLUC65), M. Jean Julien Stanley, a dénoncé l’incompétence et la mauvaise foi du premier ministre de facto Ariel Henry, en ce qui a trait au bilan de ses 12 mois au pouvoir.

CLUC65 dresse un bilan désastreux du gouvernement d'Ariel Henry et appelle le peuple à prendre en main son destin

Lisez en créole la note de CLUC65

Nou konstate ke 20 jiyè 2022Ariel Henry 1 an depi lap mennen bak peyi a kòm PM jan sa te prevwa nan akò 11 sept 2022 a.Nou menm nan C. LUC 65, nou genyen gwo kè sote lè nap fè lekti bilan 1 an PM nan nan Tèt peyi a . Yon bilan ki montre nou a klè ke Ariel fè prèv denkonpetans ak movèz fwa nan fason lap menen bak peyi a , ensekirite , eleksyon ak lavi chè se twa gwo misyon sa Yo ke PM Ariel te genyen pou li te Bay nasyon an bon rezilta sou yo. Men lè nou pran chak eleman sa yo apa pou nou analize yo se gwo katatwòf nan jan yap agrave andedan peyi a.


Si nou ta vle komanse ak ensekirite a sou tout fòm ladan Nap wè ke Ariel Henry pase a kote nan fason ke ensekirite a ranfòse andedan peyi a, pa egzanp si nou pran ka kidnapping kap ogmante chak jou bon Dye mete, moun kap mouri pa bal anba men bandi , zòn de non dwa kap ogmante andedan peyi a, batay gang ki koz anpil masak kontinye ap fèt sou pitit pèp la.Dènye ka masak ki sòt fèt la Se site solèy ect. zafè eleksyon sa preske pa pale nan gouvèneman Ariel la Paske nou pa ka panse eleksyon San sekirite Dabò, ak mete sou pye yon bon KEP, yonn nan sa nou di la yo Menm nan Tèt PM nan yo pa ye Paske Ariel Henry genyen tout tan l Devan l pou l boloze ak yon manda San limite ke kò gwoup ak yon gwo pati nan mafya politik la ba li ki fè ke pwoblem sa Yo nou sòt site la Ariel pa genyen twòp enterè pou li rezoud yo men pito yo plis nan avantaj li .


Pou lavi chè a Menm se rèl kay makorèl se chak jou pri pwodwi Premyè nesesite yo ap ogmante andedan peyi a
Pandan ke pouvwa dacha popilasyon an ap diminye anpil Ou disparèt
e gouvèneman Ariel la pa menm okipel de koze sa Yo. Ajoute zafè gaz la ki vi n konplike nèt ale mizè pèp ayisyen an.

Nan sans sa C. LUC65 mande pou tou sitwayen onèt andedan peyi a leve kanpe menm jan anpil lòt pèp fèl sou latè pou nou pran desten nou an Men sinon pita ap pi tris

Kòdonatè : Jean Julien Stanley C. LUC65