32 °C Port-au-Prince, HT
27 mars 2024

Cap-Haitien:L’action publique doit être mise en mouvement contre l’auteur des faits, selon MUDHAH

Dans une note portant la signature d’Edwin D’HAITI, le parti de la diaspora haïtienne pour Haïti (MUDHAH) condamne avec la plus grande rigueur l’attaque criminelle perpétrée dans la ville du Cap-Haitien à Café Trio tuant une personne et faisant plusieurs blessés.

Cap-Haitien:L'action publique doit être mise en mouvement contre l'auteur des faits, selon MUDHAH

Kafoufèy, lendi 30 avril 2018,

Mudhah ki se pati politik dyaspora kondane ak tout fòs li atanta kriminèl ki fèt nan kafe triyo nan vil okap jou samdi ki se 28 avril la ki lakòz 1 moun mouri, plizyè lòt blese ak tromatize.

Jan de zak malfektè sa yo sanble ak zak politisyen tèt chat nan yon pase ki pa twò lwen ke nou abitye wè deja ki konnen tout mwayen aksyon bon pou fè ak anrichi kapital politik yo loske yo vize pran pouvwa.

Se pou sa nou mande a otorite jidisyè ak polisyè nan peyi a pou yo mete tout aksyon piblik anbranl pou jwenn ak pini tout moun, tout koupab otè entèlektyèl de prè ou de lwen zak malonèt regretab sila epi jwenn reparasyon pou tout viktim yo.

Mudhah rete kwè ke sèl yon ETA de dwa kote lajistis se va sèl otorite ki va kapab mete nan kanpe lwen tout malfra ki konprann ke vyolans gratis se sèl zam ki kapab ranfòse kapital politk yo pou yo pran pouvwa.

Pati a prezante senpati li ak kondoleyans li bay tout fanmi ak zanmi viktim yo.

Pou direktwa pati a.
Edwin D’HAÏTI
Prezidan/Fondatè