22 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

Cap-Haïtien: L’ACEEH s’oppose à l’augmentation du prix du diesel

Moins de 24 heures l’annonce par le premier ministre démissionnaire Jean Michel Lapin d’un éventuel ajustement du prix du diesel à la pompe, l’Association des Consommateurs Éclairés et Engagés d’Haïti (ACEEH), dans une note de presse datée 18 septembre 2019 transmise à l’agence en ligne KAPZY NEWS, rejette catégoriquement toute idée d’une révision à la hausse des prix des produits pétroliers sur le marché haïtien.

Cap-Haïtien: L'ACEEH s'oppose à l'augmentation du prix du diesel

Lisez l’intégralité de la note en Créole

Association des Consommateurs Éclairés et Engagés d’Haïti (ACEEH)
26, rue Fraternité, Cité du peuple, Cap-Haïtien, Haïti
Contacts: (509) 3290-2795 / 3706-2747 / 3691-5308 / [email protected]

Nòt pou laprès

Okap, 18-09-2019

Nan yon konferans pou laprès premye minis ki demisyone a, mouche Lapin, bay ayè madi 17-09-2019 lan, li anonse ofisyèlman Leta ayisyen ap etidye yon meyè fòmil pou l ogmante pri gaz la sou mache a. Fòmil sa a se ta va ogmante pri DIESEL la epi kite pri GAZOLIN lan menmjan an, sou pretèks se gwo boujwa ki pa nan malsite ki plis itilize DIESEL.

Nou menm nan nivo ACEEH, nou pa etone pou anons sa a, paske sa gen kèk tan depi kèk swadizan teknisyen nan ekonomi ki gen movèzfwa te gentan ap fè pwopagann pou lide sa a. Epi tou, depi n te tande sendika woule m de bò yo te nan rankont lan, nou te atann nou ak sa.

ACEEH voye jete lide ki ta fè kwè monte pri DIESEL la se sèlman gran nèg lap fè sibi. Gran nèg yo, se plis pou fè biznis yo konsome DIESEL la. Depi pri l monte, kou pwodiksyon antrepriz yo pral ogmante tou. Sa kap gen gwo enpak sou pri pwodwi premye nesesite yo ki pral tèt nèg. Tout timoun piti konn sa jounen jodi a: se konsomatè final yo ki pral peye tout po kase a!

ACEEH pa pran oserye ekonomis kap klewonnen toupatou se sibvansyon gaz la ki lakoz genyen defisi bidgetè, paske analiz sa twò senplis. Yon lòt bò, ACEEH rete soude ak pwopozisyon l te fè pou otorite yo divèsifye sous revni peyi a, pandan yo ap tou mennen bonjan batay kont kontrebann, moun pa, kòripsyon ak gaspiyaj nan lajan Leta a. Epi tou, pou yo tou chèche redwi depandans peyi a sou petwòl. Sa yo, selon ACEEH, se vrè koz kriz gaz la.

Pou ACEEH,

Robenson Ferdinand,
Prezidan KD a

Marc Andy Valéry Calixte,
Trezorye

Julmonor Bogutho Hilaire,
Responsab relasyon piblik