C- Luc 65 ( Chemin Lumière,unité et changement sur 65 Formes )
Nòt Pou laprès
C- Luc 65 pran ak de chanjman ki fèt nan tèt lapolis la.
Nou espere chanjman sa pote amelyorasyon nan klima ensékirite jeneralize kap wonje peyi a,sitou nan 3ème sikonskripsyon potopwens lan.
Nan sans sa a, nou espere nouvo DG lapolis la, Mesye Frantz Elbé , ap pran tout dispozisyon Pou lapè retounen nan 3eme sikonskripsyon san delè, nan pou anpeche San kontinye koule ak tout lòt deriv tankou : Vòl,Vyòl, Kidnaping elatriye…
Nou men m sitwayen angaje nan C- Luc 65, swiv de prè konpòteman nouvo DG a nan jou kap vini yo , nan dosye matisan an pou nou ka konen ki dispozisyon nou pral pran Pou n fòse leta a pran responsabilite l
Pou kòdinasyon C- Luc 65 Formes se: Stanley Jean Julien – Phanord Wilfrid ak Rock Desir
C- Luc 65