23 °C Port-au-Prince, HT
27 mars 2024

Asosyasyon Jounalis Gran-Gozye ak Mouvman ti peyizan Gran-Gozye mande jistis pou tout jounalis viktim zak represyon yo

Asosyasyon Jounalis Gran-Gozyeak Mouvman ti peyizan Gran-Gozye denonse ak tout fòs li zak represyon jounalis Frantz François sibi anba men yon ajan CIMO nan egzèsis fonksyon li.Nou menm nan estrikti ki siyen nòt sa mande tout sitwayen ki pata renmen tounen nan epòk diktati bout di a kote te gen baboukèt nan bouch moun, dwe leve kanpe.
Asosyasyon Jounalis Gran-Gozye ak Mouvman tipeyizan Gran-Gozye mande jounalis François Frantz pou l kontiye fè travay li.

Asosyasyon Jounalis Gran-Gozye ak Mouvman ti peyizan Gran-Gozye mande jistis pou tout jounalis viktim zak represyon yo

Nou profite okazyon sa tou pou mande Jistis pou yon pakèt lot jounalis ki viktim nan egzèsis fonksyon yo. Pami jounalis sa yo, Vladimir Legagneur kite disparèt ane pase.

Pou fini, siyatè not sa yo batay pou pèmèt moun gen libète lapawòl la pap kanpe.

Christophe NOEL
Kerby LINDOR