31 °C Port-au-Prince, HT
29 mars 2024

17 octobre: SHOFED demande justice pour Jovenel Moïse à l’occasion de la date commémorant la mort de Dessalines

17 octobre: SHOFED demande justice pour Jovenel Moïse à l'occasion de la date commémorant la mort de Dessalines

Conférence de presse de SHOFED


Yon gwo jou ki make istwa tout ayisyen ki rekonèt diyite yo ak pozisyon batay politik Jan Jak Desalin.

Yon disparisyon asasina sistèm oligachi a te kòmanse sou anperè a Jak 1er pou vizyon li te genyen pou Ayiti apre gwo batay pou nou te sòti nan esklavaj jodia 7 jiyè 2021, oligachi yo kontinye make non yo nan listwa peyi a kote yo asasinen Prezidan Jovenel Moise ki te gen menm ideyoloji ak vizyon politik pou kontinye retire nou anba chèn esklavaj mantal, kote pwòp san nou ayisyen mete ak klas sistèm peze souse kraze peyi.

Pou nou menm mas pèp la toujou viv nan fatra, nan mizè, nan vyolans. Jodia aprè 3 mwa lanmò Prezidan Jovenel Moise menm jan li te di lè nou finn tiyel e moun pa li yo sa nap fè avèk yo.

Nou SHOFED ak lòt fanmi politik nou yo nap fè sistèm oligachi an rekonèt batay pou chanjman ayiti pou sak pi fèb yo viv byen ap kontinye nan menm ideyoloji 2 gason ero sa yo ki te gen menm vizyon politik. Nap mande tout ayisyen, tout dyaspora, laprès ak sosyete sivil, klas entèlektyel ak klas politik la pou yo rejwenn nou nan gwo batay sa. Se nan solidarite sèlman nap kapab ede Ayiti.

Yon lòt Revolisyon konsyans mantal posib pou nou libere Ayiti. Nou salye Madanm Martine Moise pou kouraj li ak konviksyonl dèyè chak yon gwo gason genyen yon gwo fanm.

Nan batay pou chanjman nap kontinye kanpe batay pou n jwenn jistis pou Prezidan Jovenel Moise kote tout sal te kòmanse fè ak pwogram enfrastrikti pou devlopman peyi a reyalize gras avèk gwoup fòs politik pal.

SHOFED / M.J.H ansanm nou pi fò