23 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

Lèt anbasadris Sterlie Colin : L’ambassadrice Sterlie Colin écrit à sa patrie pour son 1er anniversaire

Lèt anbasadris Sterlie Colin : L'ambassadrice Sterlie Colin écrit à sa patrie pour son 1er anniversaire

Site Solèy, 30 Septanm 2020. Repiblik Ayiti (W.I.).

Eritaj Tè Zanzèt yo.
Senbòl Manman Libète Limanite. Pou Listwa W.

OBJÈ : Tristès Istorik.

Byen Chè Patri,

Nan 216yèm Ane Endepandans kòm senbòl manman libète limanite, Premye Repiblik Nwa Endepandan, ki kanpe nan mitan move van tanpèt vyolans entènasyonal istorik planifye, depi plis pase 5 syèk, nan istwa pèp nou.

Antanke pitit lejitim tè a, korespondans sa a, se ekspresyon yon tristès istorik sou move sikatris
dat 30 septanm nan pote pou nou anndan peyi a, espesyalman Mwen menm k ap ekri lèt la. Tankou, 30 septanm 1991, raple nou yon Koudeta Militè kont Prezidan Jean Bertrand Aristide ki te eli konstitisyonèlman, kote koudeta sa a, ta pral koute lavi anviwon 3000 nanm, san konte dega materyèl yo. Sousa, 29 lane aprè, rive 30 septanm 2019, se pral yon soulèvman popilè ki kwafe pa Opozisyon Demokratik la, ki te batize sou non : « Peyi Lòk », ki te vize fòse Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, kite pouvwa li avan dat konstitisyonèl yo. Se konsa, nan maten, menm dat sa a, tranche vin pran Manman m, yon fanm eksepsyonèl ke nou salye kouraj li, pou nou pase plizyè lopital men malerezman ki te tou lòk ansanm avèk peyi a. Jiskaske bò 1nè nou vini kanpe nan lari a ak gwo doulè, ki te bloke, anwo pa moute anba pa desann, kawoutchou t ap boule, devan Sou-Komisarya Polis Kazo a, sou wout nasyonal # 1 an. Pandan yon Bon Samariten nou pat gentan idantifye t ap pase epi konprann doulè yo, pou m te sòti nan vant Manman m, kote li te rale telefòn li, epi fasilite nou jwenn anbilans pou transpòte fanm ansent la, an ijans nan Lopital La Sainte Famille, nan Kwadèboukè. Rive nan ijans lopital la, mwen te gentan bwè anpil dlo nan vant manman m, sou òdonans doktè manman m te vin antre san pèdi tan nan sal operasyon pou sezaryèn, kote doktè, enfimyè & fanm saj yo pral pete kouri, epi blese manman m nan vant li, swit avèk gwo afrontman kout zam ant sekirite yo nan lopital la, ansanm avèk gwoup bandi ame ki te vini fèmen lopital la.

Finalman, apre siksè operasyon an, se selebrasyon anpil emosyon familyal pou lavi nou, ki te sove. Ki fè jodi a, se 1ye lane solèy etwal lavi Mwen, pou m la avèk nou, kòm Sterlie Colin, Anbasadris Fanmi Mwen, pa mwayen Ministè nou. Avèk pwomès lavi m, ki se modèl limyè limanite. Konpasyon Gran Achitèk Inivè a, renouvle chak maten, ki pat bay konsekans « Peyi Lòk » , opòtinite pou te tou lòk definitivman lavi Nou , anndan batay yo di ke : Se pou chanje sitiyasyon peyi a. « Ayiti mantalman anpwazonen, sosyalman dechire & espirityèlmn avèg…», se opinyon gran frèm, Anbasadè Steeve M. Colin pou MFC*, ki makonnen ak refleksyon pèsonèl Mwen, nan okasyon 1ye anivèsè nesans Mwen, kote n ap chèche repons kesyon sila apre 2 syèk move jesyon listwa a : Kisa Jenerasyon sa a, deside kite kòm eritaj, pou Ayiti nou vle a ?

Resevwa, Chè Patri, Limyè YHWH nan Destine Repiblik Ayiti.

Lèt anbasadris Sterlie Colin : L'ambassadrice Sterlie Colin écrit à sa patrie pour son 1er anniversaire

Version Française

Cité Soleil, 30 Septembre 2020. République d’Haïti (W.I.)

Héritage de nos Vaillants ancêtres, symbole matriciel de Liberté dans toute l’humanité, dans l’histoire du monde

Objet: Tristesse historique

Chère Patrie,

À l’occasion de la 216ème année de l’indépendance, comme symbole de liberté mondiale, première République noire ayant fait face aux assauts et aux intempéries historiques violentes planifiées depuis plus de 5 siècles de notre histoire de peuple, en tant que fille légitime de cette terre, je vous écris cette correspondance en signe d’expression des douleurs des cicatrices historiques liées à la date du 30 septembre en Haïti et plus particulièrement dans ma vie, comme auteure de la présente, porteuse d’une tristesse historique liée au 30 septembre 1991, date à laquelle on a fait un putsch contre l’ancien président Jean Bertrand Aristide, élu constitutionnellement. Ce coup d’État a causé l’assassinat de plus de 3000 âmes, mis à part les multiples dégâts collatéraux y relatifs.

En plus de tout cela, 20 ans après, soit le 30 septembre 2019, cette date allait être marquée par un véritable soulèvement populaire dirigé par l’opposition politique occasionnant un « peyi lòk », ( une barricade généralisée des routes), pour exiger, entre autres, le départ du président Jovenel Moïse avant même l’échéance de son mandat constitutionnel. Ainsi donc,le 20 septembre 2019, à l’aube, ma mère, alors enceinte , a eu les douleurs de l’enfantement, une femme extraordinaire dont nous saluons le courage.

Malheureusement, tous les hôpitaux qu’on a essayé de visiter avaient leurs portes fermées à l’image du pays en ce jour-là.

À une heure du matin, des pneus enflammés jonchaient les pavés. C’était le cas pas loin du sous-commissariat de Cazeau, sur la route nationale numéro 1 également, c’était le même cas de figure, quand, tout à coup, un bon samaritain méconnu nous a aidés en appelant une ambulance à notre rescousse, ayant compris notre calvaire.

En dépit des tirs entre les bandits et les agents de sécurité de l’hôpital auquel la famille a été admis, on a eu une césarienne et l’étoile allait poindre, à l’hôpital la sainte famille de la Croix-des-Bouquets, après que j’aie déjà perdu le liquide amniotique nourrissant de l’utérus de ma mère.

Après cette pluie de souffrance, c’était le beau temps, à ma suite de cette césarienne réussie, j’allais naître, ce qui fait qu’aujourd’hui je célèbre mon premier anniversaire dans vos murs, dans cette familiale, moi, Sterlie Colin, ambassadrice de cette si belle et grande famille.

Mes remerciements au grand architecte de l’univers, et l’univers se revouvelle chaque matin pour me parer de ses bijoux de protection, et le verrouillage du pays n’a pas su avoir gain de cause de ma vie en ce jour noir du 30 septembre 2019 converti en un jour de délivrance, en dépit de tous ces déboires.

C’est l’opinion de mon frère aîné, en l’occurrence, son excellence l’ambassadeur Steeve M. Colin pour le MFC, laquelle opinion renforcée des miennes…….Où je cherche encore la réponse à cette question après 2 siècles de mauvaise gestion de l’histoire : Que laisserons-nous donc comme héritage à l’Haïti dont nous rêvons ?

Lumières pour éclairer le destin de la République toute entière !

Lèt anbasadris Sterlie Colin : L'ambassadrice Sterlie Colin écrit à sa patrie pour son 1er anniversaire
Joyeux anniversaire à Sterlie Colin de la part du jouranl en ligne Kapzy News