23 °C Port-au-Prince, HT
28 mars 2024

FANMI LAVALAS va organiser 3 journées d’activités pour commémorer le 16 décembre 1990

L’organisation politique Fanmi Lavalas, dans une note de presse acheminée ce jeudi à la rédaction de KAPZY NEWS, annonce trois (3) jours d’activités pour commémorer le 29ème anniversaire des premières élections libres, honnêtes et démocratiques en Haïti qui avaient porté l’ex Prête de St Jean Bosco, Jean Bertrand Aristide, au pouvoir. Ces activités baptisées  » 3 Jou Bò Tab la  » se dérouleront du 14 au 16 décembre 2019 dans les locaux de la Fondation Dr. Aristide à Tabarre.

FANMI LAVALAS va organiser 3 journées d'activités pour commémorer le 16 décembre 1990

Note de presse en créole de l’organisation Fanmi Lavalas

Jedi 12 Desanm 2019

OGANIZASYON POLITIK FANMI LAVALAS

Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas salye laprès an jeneral epi remèsye sila yo ki prezan jodya ki vin pran pou al simaye pawòl verite a, pawòl Pèp Ayisyen an.16 Desanm 1990- 16 Desanm 2019 ap fè 29 lane depi pèp Ayisyen an nan yon eleksyon lib,onèt e demokratik te chwazi Dr Jean Bertrand Aristide kòm Prezidan ,li menm ki te non selman yon patizan teyoloji liberasyon an ak jistis sosyal men tou ki te pote yon projè de sosyete ke nou te batize « Ideyal 16 Desanm » ki te chita sou 3 wòch dife:Jistis,Transparans ak patisipasyon.

16 Desanm pat selman yon jounen vòt men sete moman ke pèp Ayisyen an te dil dakò e valide projè sosyete sa a ki tap chita sou jistis Transparans ak patisipasyon.
Fòs Fènwa yo, Fòs antichanjman pwanyade rèv pep la depi nan tantativ koudeta 7 Janvye 1991 la, pran koudeta 30 septanm 91 lan pase pran kidnapin 2004 la.Jounen jodi a olye pou gen Jistis se enpinite, krim óganize,masak nan tout katye popilè!Jodi a olye pou gen Transparans se koripsyon, krim finansye,gaspiyaj eskandal sou eskandal nan 3 pouvwa leta a! Jodi a olye pou gen Patisipasyon se eksklizyon sosyal,pèsekisyon politik!

Ideyal 16 Desanm nan pran gro pataswèl.Bagay yo vin gravman grav. Tout endikatè sosyo ekonomik yo montre ke peyi a efondre,dezespwa blayi.Se pou sa òganizasyon politik Fanmi Lavalas ki toujou rete atache ak ideyal 16 desanm nan, ki toujou rete kole ak pèp Ayisyen an di fok chodyè a chavire e se Mobilizasyon jeneral sou tout fòm nan kap ba nou delivrans saa.

29 lane aprè, pou komemore dat 16 Desanm sa ,òganizasyon politik Fanmi Lavalas ap lanse yon aktivite ki batize * »3 jou bò Tab la »* nan sousi pou pèmèt chak Ayisyen ki toujou rete mobilize di mo pa yo sou eksperyans 16 drsanm nan. Nan jou bò Tab nap jwenn:

– Konferans deba sou eksperyans 16 Desanm nan; kote nou ye, kisa ki dwe fèt?

-Moman de refleksyon sou sitiyasyon malouk peyi a konnen depi apre koudeta elektoral la.

-Refleksyon sou mobilizasyon jeneral sou tout fòm nan pou nou jwenn depa enkilpe Jovenel Moise.
Yon Lavalasyen se yon patriyot;Yon bon Lavalasyen se yon bon patriyot ! Nap tann tout moun nan Fondasyon Dokte Jean Bertrand Aristide pou demokrasi Soti Samedi 14 pou Rive Lendi 16.

Youn di lòt paske Fok pitit pèp la sispann mouri!
Fok enkilpe Jovenel Moise Demisyone!
FOK chodyè a chavire!
Fok Gouvènman Sali piblik la tabli pou poze Baz nouvo sistèm nan.
Yon sèl nou fèb
Ansanm nou Fò
Ansanm ansanm nou se Lavalas!