25 °C Port-au-Prince, HT
27 mars 2024

Des organisations de femmes s’unissent pour le choix de sa représentante au prochain CEP

Lors d’une conférence de presse vendredi, plusieurs plateformes de femmes dans les dix (10) départements du pays, ont lancé une vaste campagne de mobilisation pour aboutir à une concertation nationale sur le choix de ses représentantes au prochain Conseil Electoral Provisoire (CEP) qui sera mis sur pied dans le pays après le renvoi de l’ancien CEP contesté de Guylande Mésadieu.

Des organisations de femmes s'unissent pour le choix de sa représentante au prochain CEP

Konferans pou laprès (Vendredi 1ier octobre 2021)

Noumenm òganizasyon fanm ki nan 10 depatman peyi a, nou lanse yon vas kanpay mobilizasyon pou nou rive a yon konsètasyon nasyonal sou chwa reprezantan nou nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP).

Jan tout moun konnen l déjà, nan yon arete ki soti lendi 27 sektanm, Gouvènman Repiblik la kraze KEP a. Savledi arete 18 septanm 2020 ki te nonmen 9 manm KEP yo pa alamòd ankò. Nan sans sa, jan sa prevwa nan atik 14 akò a, gouvenman an pran dispozisyon pou kreye yon nouvo Konsey elektoral ki gen ladan l :
Reprezantan Konferans Episkopal
Reprezantan Pwotestan
Reprezantan sektè Vodou
Reprezantan asosyasyon patwon medya
Reprezantan Oganizasyon dwamoun
Reprezantan oganizasyon peyizan
Reprezantan konferans Rekte
Reprezantan Dyaspora
Reprezantan oganizasyon fanm
Se poutèt sa, nou menm òganizasyon fanm ki siyen akò a, nan espri tout moun ladan l, nou mete kanpe depi plis pase 2 semèn yon kanpay mobilizasyon pou mete ansanm, ak lòt platfòm fanm nan tout peyi a pou nou chwazi yon fanm pami plizyè lòt, pou al reprezante nou nan Konsèy elektoral la a travè eleksyon lib onèt ak demokratik. Eleksyon an ap fèt sou obsèvasyon pliyè enstitisyon, tout oganizasyon fanm konsène. Li enpotan pou nou gen kandida valab pou patisipe nan eleksyon an. yon fason pou nou ka byen reprezante nan Konsèy Elektoral la.
Tout dispozisyon deja pran pou lanse an liy, pwosesus enskripsyon kandida kap patisipe nan eleksyon an ansanm ak enskripsyon òganizasyon fanm kap vote kandida yo. Ki donk, ni kandida nan eleksyon an ni òganizasyon fanm kap vote dwe dabò enskri an liy, nan adrès imèl sa : [email protected] , answit, kandidat la ap gen pou li enskri nan komite elektoral la avèk kat dèmalòg li, yon CV ak kopi diplòm li ak lis òganizasyon ki sipòte l yo.
Épi tou, ni kandidat yo ni òganizasyon fanm yo gen pou enskri an liy ou bien pase nan local CEDEC la ki nan delmas 83, nan ri Boisrond Canal, no 58, soti lendi 4 rive 6 oktob, a pâti 10 zè nan maten pou rive 4è nan après midi pou yo ka patisipe nan eleksyon kap fet la samedi 9 oktob la a pati 9è nan auditorium millenium ki nan delmas 83 no 33, ak atestasyon organisation an ou byen yon pyes ki pwouve existans organisation an ak kat dermalog la.
Ki kondisyon pou yon fanm kandidat pou reprezante òganizasyon fanm nan KEP a ?
Pou yon fanm kandidat :
1- Li dwe gen pipiti karant lane
2- Fòk li se ayisyen kipa janm renonse a nasyonalite li
3- Fòk li gen yon diplòm inivèsitè
4- Fòk li gen omwen 15 òganizasyon fanm ki sipòte kandidati li
5- Li dwe onèt, kredib
6- Li pa dwe manm oken n pati oubyen gwoupman politik m’en fok li manbou dirijan yon oganizasyon fanm
7- Fòk li gen kapasite pou li travay sou presyon
Nap lanse yon apèl bay tout reprezantan òganizasyon fanm kap vin patisipe nan eleksyon an pou montre kapasite lidèchip yo pou tout bagay pase byen nan respè youn pou lòt, nan espri tolerans.
« Patisipasyon fanm nan espas pouvwa se yon chans pou bon jan gouvènans »

Mèsi anpil